Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/25/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwogram Florid pou Pa Peye Taks sou Founiti Klasik pou Ouvèti Lekòl la Ap Kouvri Tout Mwa Out la

Bon nouvèl pou paran! Ane sa a, pwogram pou “Pa Peye Taks” sou lavant founiti klasik pou Rantre Lekòl la ap kòmanse vandredi 1ye out, e l ap kontinye jiska dimanch 31 out. Paran yo pral jwenn yon soulajman nan peye taks sou lavant nan eta Florid, ki reprezante yon gwo ekonomi pou fanmi yo pandan vakans ete yo ap fini e nouvo ane lekòl la pral kòmanse.

Eta Florid la pap kolekte taks sou lavant oswa opsyon taks lokal yo pandan peryòd sa a sou lavant atik sa yo:

• Rad, soulye, valiz, ak sakado ki vann $100 dola oswa mwens pou chak atik

• Sèten founiti klasik ki vann $50 dola oswa mwens pou chak atik

• Materyèl pou aprantisaj ak jwèt mo kwaze ki vann pou $30 dola oswa mwens

• Òdinatè pèsonèl, laptòp, tablèt, ekran, aparèy pou antre nan òdinatè ak lojisyèl ki pa

 pou amizman ki nan pri $1,500 dola oswa mwens, lè w achte yon òdinatè pou sèvi

 lakay oswa bezwen pèsonèl ki pap sèvi pou komès

Pami founiti klasik yo otorize yo genyen: kalkilatris, kreyon koulè, kreyon, plim, papye konstriksyon, bwat pou repa, kaye, lakòl, gòm, agrafez, makè, règ ak sizo.

 Egzanp materyèl pou ede nan aprantisaj ak jwèt mo kwaze yo genyen, kat pou sipò vizyèl, jwèt memwa, liv mo kwaze, liv “search-and-find” (chèche e jwenn mo ak objè), ak jwèt pou anseye elèv yo ladrès lekti ak matematik, anpile oswa bati blòk oswa koleksyon.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/001/AZ/CM/RD

Follow us