Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/13/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve yon Pwojè $25 Milyon pou Premye Lekòl 'Net Zero Energy' nan Miami-Dade County nan Lekòl Elemantè Dr. Frederica S. Wilson/Skyway

Yè madi a, nan reyinyon regilye Konsèy Administrasyon an, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a te apwouve yon pwojè ki vo $26.6 milyon avèk konpayi konstriksyon 'H.A. Contracting Corp.' pou yon pwojè amelyorasyon ak renovasyon konplè nan Lekòl Elemantè Dr. Frederica S. Wilson/Skyway, ki pral vin premye lekòl 'Net Zero Energy' (enèji renouvlab) nan distri a.

 

Lekòl Elemantè Frederica S. Wilson Skyway, ki te bati an 1972, gen senk bilding pèmanan ak yon pasaj pyeton ki kouvri, ki chita sou yon sifas total 76,737 pye kare sou apeprè uit kawo tè. Kanpous ki la kounye a gen kapasite 588 plas pou elèv epi li sèvi klas matènèl jiska uityèm ane eskolè.

 

Dimansyon travay la gen ladan demolisyon ak ranplasman Bilding 1 an. Nouvo bilding bon kalite sa a ki mezire 36,000 pye kare, ap gen plas pou 400 elèv epi li pral gen ladan l yon laboratwa modèn pou art ak mizik, biwo administrasyon, ak yon sant medya. Yo pral fè gwo renovasyon nan Bilding 4 la, tankou nan sistèm 'HVAC' wo nivo pèfòmans la, nouvo ekleraj LED, itansil elektrik pou kuit manje, ansanm ak nouvo kouch penti nan deyò bilding nan.

 

Yo te enkòpore plizyè estrateji konsepsyon dirab pou rive nan yon etablisman ki pa itilize anpil enèji epi yon sous enèji ki renouvlab/ki dirab, ki gen ladan l oryantasyon esansyèl bilding nan, ki anvlope bilding wo nivo pèfòmans sa ak sistèm 'HVAC' la, vit ki kouvri ak pwotèj ki itilize mwen enèji, aparèy pou konsève dlo ak lòt aparèy ekleraj ki gen karakteristik ki efikas nan enèji.

 

Yo prevwa chanjman sa yo nan lekòl la pral akonpli yon "Energy Use Intensity (EUI)" (Entansite sou Itilizasyon Enèji) apeprè 29.7 atravè tout kanpous lekòl la, avèk nouvo salklas yo estime ki ap rive nan yon nivo  'EUI' apeprè 20, ki pi bon pase mwayèn nasyonal pou klas K-8 ki apeprè 56. EUI a montre kantite enèji yon bilding konsome pa pye kare pa ane.

 

Anplis amelyorasyon ki konsantre sou enèji yo, pwojè a ap gen ladan yon nouvo pakin, nouvo teren tenis, 'putting green" (teren pou antrènman jwèt golf," ak yon teren baskètbòl ki modènize.

 

Pou asire entegrite alontèm kondisyon 'Net Zero Energy' a, pwojè a gen ladan sèvis apre konstriksyon tankou garanti pwolonje manifakti a ak sèvis antretyen, yon tablo sou entènèt pou 'Net Zero,' ak yon sistèm rapò konplè pou mezi ak verifikasyon.

 

Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se Septanm 2026.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/15/AZ/RD/CM

Follow us