Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/19/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS ak adidas Lanse Patenarya ak ‘Youth Sports’ avèk Inifòm pou Ekip yo ak Chanjman Non Teren Jwèt yo

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse yon nouvo patenarya nan tout distri a pou plizyè ane avèk adidas nan ‘Traz Powell Stadium’ jodi a, ki fè mak sa a vin tounen senbòl atlètik ofisyèl ak patnè ekipman pou tout Distri lekòl ki nan “Greater Miami Athletic Conference (GMAC)” (Asosyasyon Atletik Zòn Metwopoliten Miami) an. Teren foutbol la rele kounye a ‘adidas Field at Traz Powell Stadium’.

Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres di, “Se yon onè pou nou mete fòs nou avèk adidas pou sipòte chak pwogram atlètik lekòl segondè nan konte nou an… Patenarya sa a gen yon enpak ki kapab transfòme atlèt lekòl segondè nou yo, enspire epi pèmèt pwochen jenerasyon atlèt atravè lekòl nou yo gen plis konfyans nan tèt yo.”


Nou te devwale nouvo inifòm ki pote non adidas pou elèv atlèt GMAC yo nan yon evènman, ki

gen ladan inifòm foutbòl ‘adiZero Electric’. Kòm yon aspè nan patenarya sa a, adidas pral founi

ekipman bay tout pwogram atlètik lekòl segondè nan Miami-Dade avèk pwodui selèb “Three

Stripes” (Twa Rèl) li yo.

Patenarya a, ki kòmanse jodi a, ap konsène 41 lekòl segondè atravè konte a, ki gen ladan elèv

Lekòl Segondè, Dezyèm Ane Lekòl Segondè, ak pwogram anchènman lekòl yo. Pami lekòl sa

yo genyen “Super 7,” ki gen gwo renome, e ki bay kèk nan meyè atlèt inivèsitè ak

pwofesyonèl. Lekòl sa yo se:

·         Booker T. Washington Senior High School

·         Homestead Senior High School

·         Miami Carol City Senior High School

·         Miami Central Senior High School

·         Miami Norland Senior High School

·         Miami Northwestern Senior High School

·         South Dade Senior High School

Kolaborasyon sa a reflete angajman M-DCPS pou l kontinye amelyore eksperyans elèv yo lè li selebre akonplisman atletik yo e lè li ranfòse inisyativ patenarya avèk biznis lokal yo pou pwomote Ekselans, Chwa, Inovasyon, ak Sekirite.

Lè adidas fè patenarya avèk twazyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a, se ranfòse li ranfòse

angajman li pou sipòte lekòl segondè yo e pou l envesti nan jèn atlèt yo.

Apati jodi a, fanmi ak fanatik Distri lekòl GMAC yo ka sipòte ekip yo lè yo achte ekipman ofisyèl adidas ki lisansye pou lekòl sa yo nan dadeschools.athsolutions.shop, ki gen ladan nouvo koleksyon “305” ak “Made in Dade”, ki fèt pou selebre Miami-Dade County.

 

Klike la a la a pou w ka wè plis pwogram.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou.

Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak

@SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/18/AZ/CM/RD

Follow us