U.S. News & World Report mete
deyò lis anyèl meyè Lekòl Ozetazini yo, e “Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kenbe pozisyon ekselans li a avèk kat nan
lekòl segondè nou yo ki pami 100 meyè lekòl nan Etazini. M-DCPS antèt nan
Florid tou avèk 17 lekòl segondè pami 100 Meyè Lekòl Segondè nan Florid. An total,
M-DCPS te gen 58 lekòl tradisyonèl ak lekòl magnet ki sou lis la.
Lis 2025 U.S. News & World Report sou Meyè Lekòl Segondè nan peyi a baze sou revizyon prèske
25,000 lekòl leta tradisyonèl, magnet ak lekòl segondè charter nan tout 50 eta
yo ak nan Distri Columbia. Lis sa a klase 17,901 lekòl nasyonalman.
Magazin nan te evalye tout lekòl yo lè li sèvi avèk yon
analiz ki gen sis kritè, ansanm ak lòt varyab tankou preparasyon pou kolèj, ak
konpreyansyon pwofondè kourikoulòm kolèj la, metriz ak pèfòmans nan evalyasyon
eta a, pèfòmans elèv ki defavorize yo, ansanm ak to gradyasyon.
Men kat lekòl
M-DCPS yo rekonèt pami 100 meyè lekòl nan peyi a:
#73 Jose
Marti Mast 6-12 Academy
#74 Marine
Academy of Science and Technology (MAST@FIU)
#97 Design
and Architecture Senior High School (DASH)
#100 TERRA
Environmental Research Institute
Men disèt lekòl M-DCPS yo klase pami 100 meyè lekòl Florid yo:
#07 Jose
Marti MAST 6-12 Academy
#08 Marine
Academy of Science and Technology (MAST@FIU)
#10 Design
and Architecture Senior High School (DASH)
#11 TERRA
Environmental Research Institute
#13 Young
Women’s Preparatory Academy
#15 Maritime
& Science Technology Academy (MAST)
#16 International
Studies Preparatory Academy
#20 MAST
Academy at Homestead
#24 iPreparatory
Academy (iPrep)
#28 New
World School of the Arts
#29 Coral
Reef Senior High School
#32 Miami
Arts Studio 6-12@Zelda Glazer
#58 Barbara
Goleman Senior High School
#68 Arthur
and Polly Mays Conservatory of the Arts
#70 BioTECH
@ Richmond Heights 9-12 High School
#76 Law
Enforcement Officers Memorial High School
#100 John
A. Ferguson Senior High School
Klasman
nasyonal sa a reflete angajman fèm M-DCPS pou ekselans, chwa, inovasyon, ak
sekirite, ki fè nou se meyè chwa w pou edikasyon.
Pou lis konplè a vizite, www.usnews.com/education/best-high-schools
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/019/AZ/CM/RD