Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/22/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Fè Seremoni Koupe Riban pou Ekspansyon Kanpous Kolèj Teknik Aviyasyon George T. Baker nan Lekòl Segondè Miami Sunset

Youn nan nouvo salklas nan Ekstansyon Kanpous Kolèj Teknik Aviyasyon George T. Baker ki ouvè kounye a,

nan Lekòl Segondè Sunset.

 

Mèkredi dènye, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè yon seremoni koupe riban nan Lekòl Segondè Miami Sunset pou devwale Ekstansyon Kanpous Kolèj Teknik Aviyasyon George T. Baker nan lekòl la.

 

Rudy Rodriguez, Direktè Lekòl Segondè Miami Sunset la di, "Kounye a, elèv yo pa bezwen vwayaje ale nan kanpous George T. Baker a pou yo jwenn eksperyans pou vin mekanisyen... Imedyatman yo rive nan dènye ane lekòl segondè epi yo deja jwenn sètifikasyon kòm mekanisyen avyon, yo ka kòmanse fè anpil lajan touswit."

 

Isaac Angulo, yon elèv nan George T. Baker pandan de dènye ane pase yo, di li kontan paske li pap bezwen pran yon otobis a 5è dimaten ankò pou ale nan kou sou kanpous prensipal la, ki toupre Ayewopò Entènasyonal Miami an.

 

Angulo di, "Sa se yon bèl bagay. Mwen santi m kontan pou m aprann isit la. Yo gen tout zouti dènye modèl yo, se yon trè bon anviwònman pou aprann.”

 

Amelyore aksè pou yon nouvo jenerasyon elèv aktyèl ak fiti elèv ki abite nan zòn sid la, te youn nan rezon prensipal pou ki te motive nou pou n ajoute ekstansyon kanpous sa a.

 

Alissa Tapia, Direktris Kolèj Teknik George T. Baker a di, "Li enpòtan anpil po nou kapab akomode tout elèv nou yo... Nou vle bay elèv nou yo opòtinite pou yo gen yon bon karyè nan domèn aviyasyon, ki ka chanje ak amelyore lavi fanmi yo. Se sa nou fè nan Lekòl Leta Miami-Dade County."

 

Nan ekstansyon kanpous ki nan Miami Sunset la, nou modifye de (2) salklas ak yon atelye pou elèv ki nan domèn aviyasyon yo, epi nou ajoute "Stubby" ki se an reyalite mwatye motè yon avyon, pratikman yon motè, nou pote l sou kanpous la pou elèv yo ka pratike konpetans mekanik yo.

 

Pwogram Mekanik domèn Aviyasyon nou ofri nan ekstansyon kanpous la pral kouvri yon kourikoulòm konplè, ki gen ladan sistèm avyon, pwosedi antretyen, konfòmite ak regilasyon, fòmasyon pratik ak ekipman dènye kri. Elèv yo pral resevwa yon eksperyans ki gen anpil valè nan travay avèk divès eleman avyon, pou prepare yo pou sètifikasyon e pou fè siksè nan karyè yo kòm teknisyen antretyen aviyasyon.

 

Rene Mantilla, Asistan Sipèentandan, Biwo Edikasyon Karyè ak Teknik pou Elèv Apre Lekòl Segondè nan M-DCPS, di, "Nou kontan anpil pou devwalman nouvo ekstansyon kanpous nou an, ki demontre prèv angajman nou pou bay edikasyon nan domèn aviyasyon ki nan pi wo nivo... Ekspansyon sa a pa sèlman pèmèt nou ogmante kapasite nou pou fòme plis mekanisyen nan domèn aviyasyon, men tou pou nou bay yon espas rezève ki sanble ak anviwònman endistri reyèl yo.”

 

Etablisman dènye kri sa a pral jwe yon wòl enpòtan pou reponn a demand k ap ogmante pou jwenn pwofesyonèl kalifye nan domèn aviyasyon, e li pral ofri yon anviwònman aprantisaj ki apwopriye pou karyè elèv ki nan pwogram anwolman doub ansanm ak kominote etidyan adilt la an jeneral. Kòm yon pati nan angajman M-DCPS pou ekselans, chwa, inovasyon ak sekirite, nou kontinye rete pi bon chwa pou prepare elèv yo pou karyè ki gen gwo demann ak siksè pandan tout lavi yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/14/AZ/RD/CM

Follow us