Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/28/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Inogire yon Nouvo Laboratwa Asistans Medikal nan Lekòl Segondè Miami Carol City

7f3e1a6d-a97f-4428-9494-0e759c795332.JPG

Nan foto a, soti agoch pou rive adwat: Yaset Fernandez, Direktè Miami Lakes Educational Center and Technical College, Bridget L. McKinney, Direktris Miami Carol City Senior High School, Dtè. Jose L. Dotres, Sipèentandan Lekòl yo, anplwaye ak elèv nan pwogram asistans medikal la.

 

Madi a, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni koupe riban nan Lekòl Segondè Miami Carol City, pou selebre ouvèti laboratwa ak salklas pou kòmansman Pwogram Anwolman Doub Asistans Medikal lekòl la.

 

Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres, di, "Elèv nan Lekòl Segondè Miami Carol City pa bezwen ale okenn lòt kote pou kòmanse yon karyè enteresan… Nan lekòl yo a menm, yo ka jwenn yon diplòm lekòl segondè ak yon sètifika nan asistans medikal, ki se yon sètifika yo ka kontinye ajoute sou lòt, ki bay yo aksè dirèk nan domèn swen sante kote ki gen gwo demann."

 

Pwogram nan, ki nan twazyèm ane li kounye a, se yon patenarya avèk Sant Edikasyonèl ak Kolèj Teknik Miami Lakes, ki pèmèt elèv yo jwenn sètifikasyon endistriyèl epi fè eksperyans pratik nan domèn asistans medikal pandan yo toujou nan lekòl segondè.

 

Gen yon gwo salklas ki ekipe tankou yon biwo doktè, ak kabann medikal, mannken pou fòmasyon ak pratik, ansanm ak ekipman pou kontwole tansyon ak lòt siy vital.

 

Gen tou yon sant òdinatè ki gen 25 òdinatè pòtab pou elèv yo ka travay sou modil kou a.

 

A logo with a black background

AI-generated content may be incorrect.151822fb-fe0f-40d2-bee7-f6de9a6f635a.JPG

Salklas/laboratwa asistans medikal nan Lekòl Carol City Senior High School.

 

Bridget L. McKinney, Direktris Lekòl Segondè Carol City, di, "Pwogram sa a louvri yon chemen pou karyè nan domèn swen sante, ki difisil pou ranplase ak entèlijans atifisyèl... Ap toujou gen bezwen yon moun pou sèvi pasyan, e pwogram sa a prepare elèv yo pou antre dirèkteman nan karyè asistans medikal apre lekòl segondè."

 

Gen 75 elèv ki enskri kounye a nan Pwogram Asistans Medikal Carol City a. Soti nan 10èm ane jiska dènye ane lekòl segondè, elèv yo ap pran kou espesyalize chak trimès ki konsantre sou asistans medikal.

 

Elèv yo pral fè eksperyans aprantisaj pratik sou konpetans reyèl tankou pran siy vital pasyan, pran san, fè "electrocardiograms (EKGs)" (elektwokadyogram), bay piki ak medikaman, epi ede doktè lè yo gen  pwosedi medikal avanse.

 

Jada Lewis, yon elèv 11èm ane ki nan pwogram asistans medikal la, di, "Sa se yon opòtinite ki ka chanje lavi nou...Se yon pòt ki louvri pou nou antre nan domèn swen sante epi kòmanse karyè nou pandan nou toujou nan lekòl segondè, e pa gen anpil lekòl ki ka ofri sa."

 

Nan fen ane lekòl la, elèv ki enskri nan pwogram nan ka pran yon egzamen eta a pou jwenn sètifikasyon yo epi prepare yo pou travay kòm asistan medikal dirèkteman apre lekòl segondè. Kòm lòt opsyon, yo ka itilize kredi kolèj yo te resevwa yo pou jwenn yon sètifika nan lòt domèn medikal tankou enfimyè, oubyen pousuiv yon diplòm nan medsin.

 

Rene Mantilla, Asistan Sipèentandan, Biwo Edikasyon Karyè ak Teknik Apre Lekòl Segondè nan M-DCPS, di, "Sa a trè enpòtan. Elèv yo ap etidye pwogram asistans medikal la nan yon nouvo enstalasyon modèn...Yo ap jwenn sètifikasyon nan flebotomi, nan EKG, yo ap pran kou debaz pou enfimyè si yo vle pousuiv nan domèn sa a, oubyen sètifikasyon asistans medikal yo. Pwogram nan konplè. Asistans medikal se yon eleman kle nan lopital, nan biwo doktè, ak nan klinik."

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/23/AZ/RD/CM

Follow us