Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/3/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Devwale Yon Espas Inovasyon nan Highland Oaks Middle School

 A group of people standing on a mat

AI-generated content may be incorrect.

Elèv Lekòl Mwayen Highland Oaks yo ap jwe foutbòl vityèl sou planche aktif  

"Jump n Learn" nan nouvo Espas Inovasyon lekòl la

 

Semèm pase, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te devwale yon Espas Inovasyon re-amenaje, ki rich ak teknoloji nan sant medya Highland Oaks Middle School la. Nouvo espas la gen ladan yon Planche Aktif “Jump ‘n Learn” (Sote epi Aprann), yon zòn 'Makerspace' (espas pou elèv pataje lide, ekipman, ak konesans), avèk wobotik pou aktivite aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo mete nan yon zòn ki louvri kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.

 

Magda Pereira, Direktris Administratif Chwa Lekòl ak Opsyon Paran di, "Sant inovasyon sa a se yon zouti pou pwofesè, anplwaye, ak manm kominote nou yo angaje yo akademikman, anrichi aprantisaj elèv nou yo epi asire nou ke nou leve nivo inovasyon an isit la nan Highland Oaks."

 

Jwèt Planche Aktif ‘Jump ‘n Learn’ nan fèt pou elèv yo jwe foutbòl vityèl, fè kous machin ak anpil lòt jwèt, men yo kapab tou pran egzamen entèraktif ki sou menm liy ak kourikoulòm matematik ak syans lan. Zòn 'Makerspace' la gen ladan non sèlman wobotik, men tou ar ak atizay ansanm ak lòt aparèy teknoloji pratik. Genyen tou plizyè lòt jwèt sou plato.

 

Tavaris McMillian, yon elèv wityèm ane nan lekòl la di, "Espas sa a pral gen yon gwo enpak paske elèv yo ka vin isit la pandan peryòd klas yo e lè yo fini travay yo, yo ka detann e jwe tout jwèt enteresan yo genyen la a."

 

A group of people sitting around a table playing a board game

AI-generated content may be incorrect.

Elèv yo ap jwe yon jwèt ki rele "Sorry" (Eskize m) nan Espas Inovasyon Highland Oaks Middle School la.

 

Sant medya re-amenaje a gen ladan tou nèf tab pliyan ak tab ki ka rantre anba youn ak lòt pou espas la ka akomode plizyè aktivite. Genyen tou sis tab 'Makerspace' ki ka itilize pou Lego, wobotik, ansanm ak atizay.

 

Sophia Arriata, yon elèv uityèm ane nan Highland Oaks Elèv di, "Li leve aprantisaj la nan yon nouvo nivo avèk nouvo resous, nouvo teknoloji ak yon pi gwo espas... Li pi enterasan tou lè w chita nan chèz konfòtab... Li pi fasil pou etidye lè ou alèz."

 

Nan de (2) pwochen ane yo, patnè nou yo pral re-amenaje yon total 18 espas inovasyon nan lekòl mwayen M-DCPS yo pou satisfè bezwen endividyèl pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl ak akademik. Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS, "College Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj Ameriken an) ansanm ak "2026 College Football Playoff National Championship Game Host Committee" (Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la).

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/024/AZ/SD/CM/RD

Follow us