POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/12/2025
KONTAK: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Apwouve Bidjè
Pou Ane 2025-2026 la
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve yon
bidjè $7.4 milya dola pou ane fiskal 2025–26, pou ranfòse angajman li pou siksè
elèv yo, sekirite, ak responsablite finansye.
Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres, di,
"Bidjè nou apwouve a kontinye pwoteje sa ki pi enpòtan yo: ki se salklas
nou yo, elèv nou yo, ak anplwaye nou yo... Bidjè a pa ka rezoud tout pwoblèm,
men nou rete responsab finansyèman, ann akò avèk valè nou yo, epi bidjè a
konsantre sou siksè ak byennèt elèv yo."
Bidjè ane sa a reflete envestisman estratejik nou fè
nan sèvis pou elèv yo, tankou yon ogmantasyon 4 pousan nan finansman pou elèv
ki gen andikap, epi nou kontinye sipòte pwogram nan Ar, Mizik, ak Lang Etranjè,
yon angajman ki rete san parèy atravè tout eta a.
Distri a kreye tou yon fon rezèv enpòtan pou
"full-time equivalent (FTE)" (elèv ekivalan aplentan), pandan nou
preva yon bès/diminisyon nan enskripsyon akoz yon gwo rediksyon ki genyen nan eskripsyon
kantite nouvo elèv ki fèt aletranje.
To milaj pou ane 2025–26 la fikse a 6.633, ki se yon
ti rediksyon konpare ak ane pase a ki te 6.699, sa ki kontinye yon tandans anvè
efikasite finansye.
Nou aloke 76.2 pousan nan bidjè a pou ansèyman ak
sèvis dirèk pou elèv yo, pandan 19.8 pousan ale pou sipòte sèvis antretyen ak
netwayaj, sekirite, ak lòt sèvis ki fèt nan nivo lekòl yo.
Nou pral sèvi ankò ak fon referandòm votè yo te
apwouve pou sipòte salè pwofesè yo (88 pousan) ak amelyore sekirite lekòl yo
(12 pousan), pou asire salè yo depase mwayèn nasyonal la epi chak lekòl gen yon
ajan sekirite sou plas, jan lalwa eta a egzije sa.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche
sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la
sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan
@MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JLD/031/AZ/RD/SD