Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/16/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS an Kolaborasyon avèk Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak ‘Miami Loves Teachers’ Onore Pwofesè ki Pran Premye Prim Meyè Pwofesè pou Semèn nan


Gayan prim Meyè Pwofesè pou Semèn nan Raydeivis Soguero-Gonzalez, Direktè Lekòl Segondè Booker T. Washington Anthony E. Simons III, Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, Reprezantan Distri M-DCPS ak reprezantan ki soti nan Miami Loves Teachers ak Fondasyon College Football Playoff la

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) mete ansanm ak Fondasyon ‘College Football Playoff’, atravè inisyativ ‘Miami Loves Teachers’, pou rekonèt pwofesè ar nan Lekòl Segondè Booker T. Washington, Raydeivis Soguero-Gonzalez, kòm pwofesè ki pran premye prim Meyè Pwofesè pou Semèn nan. Li te resevwa yon chèk DonorsChoose $1,000 pou founiti klasik kòm yon pati nan inisyativ enkwayab sa a, ki selebre edikatè eksepsyonèl ki fè yon diferans nan lavi elèv yo chak jou.

 

Pandan li t ap pale ak Mesye Soguero-Gonzalez, Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres di “Nou vle remèsye w non sèlman pou talan ou kòm yon pwofesè, men tou pou lanmou enkwayab ou genyen e paske w kwè nan potansyèl chak timoun.”

 

Soguero-Gonzalez se yon pwofesè ar nan Booker T. Washington pandan sèt dènye ane yo. Li te responsab reamenajman tout pwogram ar nan lekòl la, nan ofri tab pou desine, chèz ak lanp pou kreye yon estidyo ar pwofesyonèl kote elèv yo ka santi yo enspire. Enskripsyon nan kou Ar AP li yo te ogmante soti nan 2 pou rive nan 32 elèv.

 

Sipèentandan lekòl yo, Dtè. Dotres, reprezantan ak administratè distri M-DCPS yo, ansanm ak reprezantan Miami Loves Teachers ak Fondasyon ‘College Football Playoff’ la te fè pwofesè ar Soguero-Gonzalez sipriz.

 

Konsènan Soguero-Gonzalez, Direktè Simons III di, pandan l t ap pale ak elèv yo nan klas la. “Li sezi. Li pa t atann sa. Li gen anpil ane depi l ap fè sa, men se premye fwa yo rekonèt li nan fason sa a. Men, ou konnen li fè tout bagay sa yo ak tout kè l... Nou beni dèske n gen yon pwofesè ar fenomenal konsa, mwen ka di li se youn nan pi bon pwofesè M-DCPS genyen.”

 

Fondasyon ‘College Football Playoff’ la te onore Direktè Simons III tou avèk yon chèk DonorsChoose $5,000 an rekonesans pou fason li konseye elèv yo, wòl modèl li jwe, ak vizyon li kòm lidè. Yo te selebre devouman li pou fason li gide elèv yo ak fason li ankouraje ekselans atravè rekonesans jenere sa a.

 

Simons III ap sèvi nan "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) pandan plis pase 28 ane. Karyè li te kòmanse kòm direktè mizik nan Miami Norland Senior High School, apre sa li te okipe wòl administratif nan Myrtle Grove K-8 ak Madison Middle School. Li ap sèvi kòm direktè lekòl Booker T. Washington pandan 13 dènye mwa yo. Pandan peryòd sa a lekòl la te resevwa yon nòt A pou evalyasyon li pou premye fwa nan istwa li.

 

Direktè Simons III te di, “Yo di bon pwofesè gen bon lidè epi yo te di nou vle rekonèt ou, donk yo te rale yon lòt chèk epi yo te ban mwen li. Mwen te sezi... Lajan sa a pral ale nan amelyorasyon Booker T. Washington ak kominote a an jeneral.”

 

Miami Loves Teachers se yon pwogram ki la pou rekonnèt pwofesè e pou ankouraje yo rete nan ansèyman. Li resevwa finansman nan men ‘The Education Fund’, an patenarya avèk Lekòl Leta Miami-Dade County, Komite Òganizatè Miami 2026 la, ak Fondasyon ‘College Football Playoff’ la. Gras a jenewozite Fondasyon ‘College Football Playoff’ la, Miami ‘Loves Teachers’ bay sibvansyon DonorsChoose $1,000 chak semèn pou pwofesè lekòl leta ansanm ak yon chèk $5000 pou direktè lekòl kote pwofesè a ap travay la. Nenpòt moun ki vle nonmen yon pwofesè li panse ki merite sa kapab ale sou lyen sa a: https://miamilovesteachers.org/teacher-of-the-week/

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Tanpri telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparey iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/032/AZ/SD/CM

Follow us