Elèv
Lekòl Mwayen Palm Springs yo ap jwe foutbòl vityèl sou Planche Aktif
‘Jump n Learn’ nan Nouvo Espas Inovasyon lekòl la.
Jedi pase, “Miami-Dade County
Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te inogire yon Espas
Inovasyon re-amenaje, ki rich ak teknoloji nan sant medya Palm Springs Middle
School la. Nouvo espas la gen ladan yon Planche Aktif “Jump ‘n Learn” (Sote epi
Aprann), yon zòn 'Makerspace' (espas pou elèv pataje lide, ekipman, ak
konesans), avèk wobotik pou aktivite aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo
mete nan yon zòn ki louvre, kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an
gwoup.
Daniel Mateo Asistan
Sipèentandan Chwa ak Opsyon Lekòl pou Paran di, "San sipò ak jenewozite
patnè nou yo, nou pa t ap gen yon espas konsa pou elèv yo kontinye aprantisaj
yo... Nou gen kèk aktivite enteresan pou elèv nou yo patisipe ladan yo, tankou
aprantisaj reyèl ki baze sou pwojè, ansanm ak twous 'Makerspace' sa yo. Sa a se
jis yon espas amizan pou elèv yo, e mwen vle nou pwofite de li chak jou."
Jwèt Planche Aktif ‘Jump ‘n
Learn’ nan fèt pou elèv yo jwe foutbòl vityèl, fè kous machin ak anpil lòt
jwèt, men yo kapab tou pran tès entèraktif ki sou menm liy ak kourikoulòm
matematik ak syans lan. Zòn 'Makerspace' la gen ladan non sèlman wobotik, men
tou ar ak atizay ansanm ak lòt teknoloji pratik.
Heriberto Sanchez, Direktè
Lekòl Mwayen Palm Springs nan di, "Espas sa a ofri yon lòt domèn pou elèv
yo travay an gwoup, kolabore, epi rezoud pwoblèm, sitou nan matematik ak
syans... Pou nou rive kapte atansyon jenerasyon sa a, nou dwe fè aktivite yo
amizan."
Elèv
ki ap jwe yon jwèt ki rele "Sorry" (Eskize m) nan Espas Inovasyon
Palm Springs Middle la.
Sant medya re-amenaje a te
gen ladan l tou mèb detache ki konfòtab pou akomode plizyè kalite aktivite.
Genyen (2) ekran tou ki fèt pou elèv yo jwe.
Mariann Garcia, yon elèv uityèm
ane nan Palm Springs Middle School di, "Sa se pa sèlman yon espas ki pi
gwo, ki pi klere, se yon atmosfè totalman nouvo ki fè ou anvi rete epi detann
ou. Mwen espere nouvo elèv yo eksplore li epi apresye li paske se pa tout
bibliyotèk ki konsa."
Nan de (2) pwochen ane yo, patnè nou yo pral
re-amenaje yon total 18 espas inovasyon nan lekòl mwayen M-DCPS yo pou satisfè
bezwen endividyèl pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl ak akademik.
Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS, "College
Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj
Ameriken an) ansanm ak "2026 College Football Playoff National
Championship Game Host Committee" (Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa
Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la).
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa
Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/033/AZ/SD/CM