Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/14/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Nonmen 21 Pousan nan Lekòl M-DCPS Nan Lis Lekòl Ekselans nan Florid pou Ane 2024–2025

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) reyalize yon rezilta enpresyonan lè li reprezante 21 pousan nan tout lekòl nan Florid ki resevwa deziyasyon kòm “Schools of Excellence” (Lekòl Ekselans) pou ane lekòl 2024-25 la, selon lis ofisyèl "State Board of Education" (Komisyon Edikasyon Eta Florid) te pibliye semen pase a.

 

Anplis, pami gwo distri lekòl ibèn yo, M-DCPS te gen pi gwo to pousantaj lekòl nan Florid ki deziyen kòm Lekòl Ekselans pou ane lekòl 2024-2025 la. Pami gwo distri sa yo, M-DCPS gen plis pase de (2) fwa kantite lekòl ki resevwa deziyasyon sa a konpare ak pwochen pi gwo distri ki suiv li a, sa vin mete plis aksan sou pozisyon M-DCPS kòm lidè nan tout eta a.

 

Nan atachman sa a men lis lekòl ki resevwa deziyasyon sa a nan Distri nou an (Apendis A) ak yon tablo ki montre pousantaj lekòl ki resevwa deziyasyon sa a nan sis pi gwo distri lekòl yo (Apendis B).

 

Jan Seksyon 1003.631(1)(a) Lwa Florid la souliye l, yo defini yon Lekòl Ekselans kòm yon lekòl ki resevwa yon kantite pwen nan fason yo kalkile nòt lekòl la ki klase nan nivo nòt 80èm pousantil oswa pi wo pou lekòl ki konpoze avèk gwoup ki nan menm nivo a tankou lekòl elemantè, mwayen, segondè ak gwoup ki konbine yo pou omwen de (2) nan twa dènye ane lekòl yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/042/AZ/RD/SD

Follow us