"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te inogire yon Espas Inovasyon re-amenaje, ki rich ak teknoloji nan Lekòl Mwayen W.R. Thomas Middle. Nouvo espas la gen ladan yon Planche Aktif “Jump ‘n Learn” (Sote epi Aprann), yon zòn 'Makerspace' (espas pou elèv pataje lide, ekipman, ak konesans), avèk wobotik pou aktivite aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo mete nan yon zòn ki louvri, kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.
Depite Sipèentandan
M-DCPS, Michael Lewis di, “Lè nou kreye yon espas pozitif e inovatif konsa, sa
pèmèt elèv nou yo vin tout sa yo ta vle ye.”
Jwèt Planche Aktif ‘Jump ‘n Learn’
nan fèt pou elèv yo jwe foutbòl vityèl, fè kous machin ak anpil lòt jwèt, men
yo kapab tou pran tès entèraktif ki sou menm liy ak kourikoulòm matematik ak
syans lan. Zòn 'Makerspace' la gen
ladan non sèlman wobotik, men tou ar ak atizay ansanm ak lòt teknoloji pratik.
Direktris W.R. Thomas Giovanna M. Handal di, “Sa transfòme sant medya a nèt pou li vin tounen yon espas trè inovatif e konfòtab pou timoun yo, ki ankouraje kiryozite yo. Pou elèv ki renmen li yo, gen kwen pou lekti avèk yon chèz boure. Pou elèv ki kreyatif e ki renmen konstwi, nou gen zouti konstriksyon yo, e pou elèv ki pa ka chita trankil, nou gen planche a.
Elèv Lekòl Mwayen W.R. Thomas yo ap jwe
foutbòl vityèl sou Planche Aktif ‘Jump n Learn’ nan
Sant medya
re-amenaje a gen ladan li tou mèb detache ki konfòtab pou akomode plizyè kalite
aktivite avèk sis tab wo pou akomode sis òdinatè biwo sant medya a. Genyen tou
twa tab ak bwat sou kote yo ki chaje ak zouti konstriksyon pou jwèt kreyatif.
Alexandria Pacheco,
yon elèv wityèm ane, di “Mwen panse espas inovasyon sa a se yon espas trè
kreyatif e anpil elèv pral benefisye de li, sosyalman ak kreyativman. Mwen
panse sa vrèman ap fè sèvo a reflechi sou kijan pou fè bagay yo e li jis rann
klas la pi enteresan."
Nan de
(2) pwochen ane yo, patnè nou yo pral re-amenaje yon total 18 espas inovasyon
nan lekòl mwayen M-DCPS yo pou satisfè bezwen endividyèl pwofesè ak elèv yo nan
domèn sosyal, emosyonèl ak akademik.
Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya
ant M-DCPS, ‘College Football Playoff Foundation’ ansanm ak ‘2026 College
Football Playoff National Championship Game Host Committee.’
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche
sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou
aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/047/AZ/SD/CM