Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/10/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Ki Lekòl ki Pafè pou Pitit Ou a? Vin Eksplore Tout Opsyon yo nan Fwa Ekspozisyon M-DCPS sou Chwa Lekòl

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap envite fanmi yo pou yo vin eksplore yon varyete opòtinite nan Fwa Ekspozisyon ak Chwa li pral òganize yo.  Evènman rejyonal gratis sa yo ap fèt pou ede paran ak elèv yo dekouvri pwogram ak lekòl ki pi byen koresponn ak objektif, enterè, ak bezwen yo.

Ekspozisyon yo ap fèt pandan twa samdi atravè Miami-Dade County. Ekspozisyon Chwa Rejyon Sid la ap Fèt 15 Novanm 2025 nan Miami Dade College Kendall Campus. Ekspozisyon Chwa Rejyon Sant la ap Fèt 13 Desanm 2025 nan Miami Dade College West Campus. Ekspozisyon Fwa Rejyon Nò a ap Fèt 10 Janvye 2026, nan Miami Dade College Campus North. Chak evènman ap dewoule soti 9:00 dimaten pou rive 3:00 nan aprèmidi epi y ap prezante lekòl ki soti nan rejyon respektif kote l ap fèt la.  

Doktè Jose L. Dotres, Sipèentandan Lekòl yo di, “Misyon nou se asire chak elèv nan Miami-Dade County gen aksè a yon edikasyon ekselan; yon edikasyon ki reveye pasyon yo epi ki prepare yo pou siksè nan kolèj, karyè ak nan lavi. Ekspozisyon Chwa sa yo se yon selebrasyon opòtinite, inovasyon ak talan enkwayab ki genyen nan lekòl nou yo.”

Chak ekspozisyon pral prezante plizyè douzèn lekòl ak depatman M-DCPS nan yonsèl andwa.  Fanmi yo ka rankontre edikatè yo, apresye pèfòmans elèv yo epi pale dirèkteman avèk ekspè ki pral gide yo nan pakèt chwa edikasyonèl yo, soti nan anfans rive nan edikasyon karyè ak teknik.

Avèk aplikasyon Magnet ak VPK ki louvri kounye a, evènman sa yo rive nan pi bon moman pou fanmi yo eksplore opsyon yo, resevwa konsèy nan men ekspè epi pran desizyon ki baze sou bonjan enfòmasyon anvan dat limit yo apwoche.

M-DCPS ankouraje fanmi yo pou yo enskri davans pou ekspozisyon ki pi apwopriye pou yo a.  lè ou enskri davans sa ap asire ou antre pi rapid e ou resevwa konsèy pèsonalize souplas.

Sa Fanmi yo Pral Jwenn nan Fwa Ekspozisyon ak Chwa yo:

Fanmi yo ka eksplore pwogram ak sèvis pou chak etap edikasyon yon timoun, tout nan yon sèl andwa.

?     Edikasyon pou Timoun Anbazaj: Eksplore pwogram VPK, Early Head Start, ak Head Start ki ede fanmi yo chwazi bon chemen aprantisaj pou timoun anbazaj.

?     Magnet, Pwogram Akademik Avanse ak Edikasyon Teknik Karyè (CTE): Dekouvri pwogram pratik e avanse ki prepare elèv yo pou karyè ak kolèj nan lavni, tankou opsyon Anwolman Doub, Elèv ki Gen Don, AP, Cambridge, IB, ak sètifikasyon teknik.

?     Kolèj Teknik ak Sant Edikasyonèl Miami Lakes: Aprann konsènan kou ESOL pou fanmi, ak opòtinite pou jwenn sètifikasyon endistriyèl ak kredi kolèj, kote tout fèt pou ede elèv yo kòmanse edikasyon teknik yo oubyen kòmanse eksperyans karyè yo touswit apre lekòl segondè.

?     Sèvis Elèv, Sante Mantal ak Sèvis Sante: Rankontre avèk ekspè ki ofri konsèy akademik, fòmasyon pou gradyasyon, konsèy, ak konsiltasyon sante nan men enfimyè lekòl yo ak pwofesyonèl pou byennèt.

?     Manje ak Nitrisyon ak Transpò: Resevwa enfòmasyon sou pwogram repa chak jou, depo PayPams, suiv GPS BusPlanner, ak flòt otobis elektrik distri a.

?     Akademi Paran ak Angajman Fanmi: Jwenn aksè sou atelye ak sesyon fòmasyon pou ranfòse patisipasyon ak kominikasyon paran yo; disponib ann Anglè, Espanyòl, ak Kreyòl.

?     Resous Imen: Rankontre avèk reprezantan yo sou opòtinite travay ak chemen karyè nan M-DCPS.

Orè Ekspozisyon ak Prezantasyon Chwa yo

KISA:

KILÈ:

KI KOTE:

ENSKRIPSYON

Fwa Ekspozisyon M-DCPS sou Chwa Lekòl nan Rejyon Sid la

Samdi

15 Novanm 2025

9:00 dimaten – 3:00 nan aprèmidi

 

Miami Dade College 

Kendall Campus

11011 SW 104 Street

Miami, FL 33176

Enskri la a

Fwa Ekspozisyon M-DCPS sou Chwa Lekòl nan Rejyon Sant la

Samdi 13 desanm 2025

9:00 dimaten – 3:00 nan aprèmidi

Miami Dade College West Campus 

3800 NW 115th Avenue

Doral, FL 33178

Enskri la a

Fwa Ekspozisyon M-DCPS sou Chwa Lekòl nan Rejyon Sid la

Samdi 10 Janvye

9:00 dimaten – 3:00 nan aprèmidi

Miami Dade College 

North Campus

11380 NW 27th St, Miami, FL 33167

Enskri la a

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/058/AZ/SD/CM/RD

Follow us