Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/13/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Lanse Konstriksyon Pou Premye Lekòl 'Net-Zero' (ki itilize enèji renouvlab) Distri a nan Lekòl Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary School

Desen konsepsyon ki montre nouvo bilding Lekòl Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary apre konstriksyon.

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni kòmansman travay nan Lekòl Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary School pou selebre lansman yon pwojè renovasyon ki vo apeprè $34.1 milyon pou ranplase bilding lekòl ki la kounye a epi fè nouvo bilding nan vin premye lekòl 'net-zero' (ki itilize enèji renouvlab) nan Distri a.

 

Dtè. Jose L Dotres, Sipèentandan Lekòl yo di, “Lekòl sa a pral gen panno solè, teren tenis, ak "putting greens" (teren pou jwèt gòlf) pou elèv yo... Nou tout kontan anpil paske n ap louvri yon nouvo lekòl nan bèl kominote sa a ki pral ofri elèv nou yo yon enstalasyon modèn pou yo aprann.”

 

Pami moun ki te prezan e patisipe nan evènman an avèk Dtè. Dotres te genyen Depite pou Kongrè Etazini, Dtè. Frederica S. Wilson, Direktris lekòl la, Madan Tiffany C. James, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Steve Gallon, III, Direktè Depatman Konsepsyon ak Konstriksyon, Mesye Raul Perez, ansanm ak plizyè administratè Distri, anplwaye ak elèv yo.

 

Se konpayi konstriksyon 'H.A. Contractring Corp' ki te jwenn kontra konstriksyon ki vo apeprè $34.1 milyon pou amelyore epi renove lekòl la konplètman. Yo pral demoli bilding prensipal la epi ranplase li avèk yon nouvo bilding 36 mil pye kare, 'Net-Zero', ki pral gen 21 salklas, 402 plas pou elèv, epi li pral gen laboratwa mizik ak ar modèn, biwo administratif, ak yon sant medya.

 

Yo pral fè gwo renovasyon nan bilding kafeterya a, tankou nan sistèm 'HVAC' wo nivo pèfòmans la, ajoute nouvo ekleraj LED, aparèy elektrik pou kuit manje, ansanm ak nouvo kouch penti sou deyò bilding nan. Pami lòt amelyorasyon yo genyen de (2) teren tenis, de (2) nouvo "putting greens" (teren pou jwèt gòlf), ak yon nouvo pakin.

 

Yo transfere anviwon 300 elèv lekòl la nan Lekòl Elemantè Brentwood pandan konstriksyon nouvo lekòl la. Pwojè a pwograme pou fini apeprè an mas 2027.

 

 

Elèv Lekòl Elemantè Dr. Frederica S. Wilson/Skyway ap fè yon pèfòmans nan seremoni inogirasyon an.

 

Yo te enkòpore plizyè estrateji konsepsyon dirab pou rive konstwi yon etablisman ki itilize Enèji Renouvlab/Dirab, ki gen ladan li nouvo pano solè, oryantasyon esansyèl bilding nan, ki anvlope bilding wo nivo pèfòmans sa ak sistèm 'HVAC' a, vit ki kouvri avèk pwotèj ki itilize mwens enèji, aparèy pou konsève dlo ak lòt aparèy ekleraj ki gen karakteristik efikasite nan enèji.

 

Direktris James di, “Nou pral itilize enèji, resous, panno solè yo pou elèv yo ka aprann plizyè bagay nan syans nan sant syans nou an. Sa pral premye lekòl konsa nan Lekòl Leta Miami-Dade County.”

 

Yon bilding 'Net-Zero' se yon enstalasyon ki pwodui menm kantite enèji li itilize chak ane, gras ak yon konsepsyon efikas ki konbine yon plan enèji ki efikas, sous enèji renouvlab, ak bonjan jesyon enèji.

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/057/AZ/RD/CM

Follow us