Elèv nan Lekòl Mwayen
Hialeah ap eseye yon kas 'VR' nan nouvo laboratwa pou aprantisaj inovatif
'Verizon' lekòl la.
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) devwale yon Laboratwa pou Aprantisaj Inovatif konpayi
Verizon patwone nan Lekòl Mwayen Hialeah, ki ekipe avèk kas 'VR' reyalite
vityèl, wobo ki ka pwograme, ak enprimant '3D' twa dimansyon. Patenarya sa a se
yon efò pou bay elèv lekòl mwayen yo aksè nan teknoloji avanse ki pa sèlman fè
aprantisaj la pi enteresan, men ki ede yo devlope konpetans ki vin pi enpòtan
chak jou nan mache travay konpetitif jodi a.
Dtè. Elvira D. Ruiz-Carillo, Direktris lekòl la di,
"Laboratwa pou Aprantisaj Inovatif konpayi Verizon patwone nan Lekòl la se
yon chanjman total pou elèv nou yo nan Lekòl Mwayen Hialeah. Li bay yo chans
pou eksplore teknoloji, kreye, epi reve gran.
Yo pa sèlman ap aprann sou avni yo, yo ap aprann kijan pou fòme li.”
Nouvo laboratwa nan Lekòl Mwayen Hialeah la gen ladan:
·
Kas 'VR' Reyalite
Vityèl
·
Estasyon chajman pou
kas 'VR' yo
·
Kas 'PICO Neo4VR'
·
Mini 'Apple iPad'
(tablèt pòtab)
·
Wobo 'Sphero
RVR' ki ka pwograme
·
Òdinatè pòtab,
ki gen ladan de (2) òdinatè pòtab pou jwèt videyo
·
Yon ekran televizyon
entèlijan
·
Anpil enstriman pou
kodaj
Lia Perez, yon elèv
8èm ane , Lillian Clara yon elèv 6èm ane, ansanm ak Mellanie Malik, pwofesè
'Aerospace and Robotics' (Etid Espas ak Wobotik) ap eksplore ekipman pou kodaj
yo nan nouvo Laboratwa pou Aprantisaj Inovatif konpayi Verizon patwone nan
Lekòl la.
Pandan ane lekòl la, Lekòl Mwayen John F. Kennedy ap vin fè
pati pwogram Aprantisaj Inovatif Verizon nan M-DCPS atravè pwogram Laboratwa
pou Aprantisaj Inovatif konpayi Verizon patwone a. Pandan ane lekòl 2026-2027
la, yo pral ajoute Sant K-8 Citrus Grove ak Lekòl Mwayen Cutler Bay sou lis
lekòl ki fè pati pwogram sa a tou, ki pral bay yon total 12 lekòl nan M-DCPS.
Oliver
Alvarez, yon elèv 6èm ane, deklare, “Mwen panse li enpòtan pou gen espas sa a
paske li ka aprann elèv yo prensip debaz sou devlopman dirab, antreprenarya, ak
anpil bagay sou syans.” Mwen renmen enprimant '3D' (twa dimansyon) yo paske ou
ka bati nenpòt bagay ou vle ak yo nan apeprè yon jou. Yo trè fleksib e gen plizyè fonksyon."
Yon ranje nouvo enprimant '3D' nan Lekòl Mwayen
Hialeah, ki soti nan Laboratwa inovatif Verizon nan.
Pwogram Laboratwa 'VIL' la se
yon inisyativ nou devlope sou plizyè ane ki konbine teknoloji avanse ak yon
kourikoulòm enteresan ki baze sou pwojè ak rezolisyon pwoblèm reyèl nan yon
laboratwa dènye kri ki fèt espesyalman pou sa, tout sa andedan bilding lekòl
la. ‘Heart of America’, ak . Pwogram sa
a te kreye atravè yon patenarya ak konpayi Verizon, Heart
of America, ak ‘J.
Orin Edson Entrepreneurship + Innovation Institute’ nan ‘Arizona State
University’.
"Olema Herrera, ki se sipèvizè distri pou ansèyman teknoloji nan
M-DCPS di, “Patenarya ant 'Verizon Innovative Learning', ak Lekòl Leta
Miami-Dade County ouvri pòt pou anpil edikatè, fanmi, ak elèv nou yo. Li pa
sèlman yon inisyativ men li se yon opòtinite ki chanje fason ansèyman ak
aprantisaj fèt; li chanje trajektwa eksperyans edikasyonèl elèv yo.”
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/054/AZ/RD/SD