Yo eli
manm Komisyon Konsèy Mari Tere Rojas yon fwa ankò, kòm Chèmann Komisyon Konsèy
Lekòl Miami-Dade pou ane ki ap vini an. Kòm yon veteran edikatè avèk plis pase
45 ane nan Lekòl Leta Miami-Dade County, yo te eli Madan Rojas pou premye fwa
nan Komisyon Konsèy la an 2016 e kounye a li sou katriyèm manda li kòm
reprezantan Distri 6. Sa fè katriyèm fwa li ap sèvi kòm Chèmann.
Manm
Komisyon Konsèy Monica Colucci, ki reprezante Distri 8, te re-eli kòm Vis
Chèmann Komisyon Konsèy la. Kòm yon edikatè pandan plis pase 26 ane, yo te eli
Madan Colucci pou premye fwa nan Komisyon Konsèy la an novanm 2022. Sa fè
twazyèm fwa li ap sèvi kòm Vis Chèmann
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/061/AZ/CM/RD