Sèz Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa
distenksyon prestijye "Florida Purple Star School of Distinction"
(Distenksyon ‘Purple Star’ Lekòl Florid) pou gwo sipò yo bay fanmi militè yo. Sa
a se yon adisyon sou 13 lekòl ki te resevwa prim nan premye gwoup la an 2024, e
yo tout yo ap kenbe distenksyon sa a jiska 2027.
Pami lekòl ki resevwa prim nan an 2025 genyen:
·
Coral Gables Senior High School
·
Cutler Bay Senior High School
·
Dr. Toni Bilbao Preparatory Academy
·
Hialeah Senior High School
·
Homestead Middle School
·
Laura C. Saunders Elementary School
·
Miami Beach Senior High School
·
Miami Carol City Senior High School
·
Miami Norland Senior High School
·
Miami Sunset Senior High School
·
North Miami Senior High School
·
Redland Middle School
·
South Dade Middle School
·
South Dade Senior High School
·
South Miami Senior High School
·
Southwood Midde School
An
2021, Lejislati Florid la te etabli pwogram deziyasyon ‘Florida Purple Star
School of Distinction’ pou onore lekòl ki eksele nan efò ekstrawòdinè yo fè pou
sipòte bezwen espesyal fanmi militè yo, ede elèv ki konekte ak fanmi militè pou
simonte gwo defi, epi bay bon resous ki nesesè pou ede yo adapte fasilman ak
nouvo anviwònman lekòl la.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl,
silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM,
ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/060/AZ/RD/CM