Tout lekòl leta Miami-Dade
County, biwo Rejyon ak biwo Distri yo ap fèmen jedi 27 novanm ak vandredi 28
novanm pou obsève jou ferye “Thanksgiving” (Jounen Remèsiman) an.
Ane sa a, tout elèv ak
anplwaye 10 mwa Lekòl Leta Miami-Dade County yo pral jwi yon semèn vakans otòn
pandan semèn 24 rive 28 novanm nan.
Tout etablisman yo ap relouvri
lendi 1 desanm.
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Tanpri telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nanMiamiSchools.
# # #
25-JCD/062/CG