Elèv North Dade Middle School yo ap eksplore Planche Aktif ‘Jump n
Learn’ nan.
“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te devwale yon
Espas Inovasyon reamenaje ki rich ak teknoloji nan sant medya Lekòl Mwayen
North Dade la. Nouvo espas la gen ladan yon Planche Aktif “Jump ‘n Learn” (Sote
epi Aprann), ak nouvo mèb nan yon zòn ouvè kote elèv yo ka patisipe nan
aktivite kreyatif an gwoup.
Ofisye Anchèf
Akademik M-DCPS, Lourdes Diaz di, "Vizyon Espas Inovasyon sa a se pou
ankouraje yon nouvo fason pou elèv aprann. Pandan etidye nan liv ak aparèy
enpòtan, espas sa a pral mete aprantisaj nan yon lòt pi wo nivo nan ankouraje
kreyativite ak kolaborasyon ant elèv ak pwofesè yo."
Jwèt Planche
Aktif ‘Jump ‘n Learn’ nan fèt pou elèv yo jwe ‘soccer’ foutbòl vityèl, fè kous
machin ak anpil lòt jwèt, men yo kapab tou pran egzamen entèraktif ki sou menm
liy ak kourikoulòm matematik ak syans lan.
Kwen pou jwe
echèk la gen kat tab pou elèv yo fè konpetisyon youn ak lòt, ansanm ak de (2)
kabinèt pou estoke pyès ak tablo yo. Direktè Lekòl Mwayen North Dade la, Jeff
Rateau, di nouvo ekip echèk la pral kontan anpil ak adisyon sa a nan sant medya
a ak lefèt yo gen yon espas kounye a pou yo pratike.
Elèv Lekòl Mwayen North Dade
k ap fè pratik nan nouvo kwen echèk la
Direktè Jeff Rateau di,
"Espas Inovasyon sa a se yon lòt fason pou aprann. Se yon opòtinite pou
amize w nan yon espas ki bèl epi ki plen teknoloji ak diferan kalite mèb, kote
elèv yo ka aprann epi kolabore."
Sant medya reamenaje sa a gen
ladan li tou mèb modilè, detache ki konfòtab pou akomode plizyè kalite aktivite
avèk ak yon 'Genius Bar', yon tab wo ki ka pran uit elèv avèk òdinatè pòtab yo,
pou etidye oswa jwe jwèt. Gen kat lòt ti tab wo anplis ki ka akomode uit elèv
anplis.
Sant la ekipe tou ak tab ki
ka pliye epi rasanble yo, ki ka itilize pou ansèyman nan salklas epi answit
estoke lè yo pap itilize yo, pou kenbe yon espas ouvè pou lòt aktivite.
Amekwa Anderson yon elèv 7èm
ane di, "Sa a se yon espas kote mwen ka ale pou fè lekti, jwe echèk, oswa
fè anpil lòt bagay, epi jwenn nouvo chans pou devlope ak aprann. Sa pral amizan
anpil."
Pandan ane kap vini an, yo
pral reamenaje 18 sant medya lekòl mwayen nan M-DCPS pou satisfè bezwen sosyal,
emosyonèl ak akademik pèsonèl elèv ak pwofesè yo. Pwojè a te finanse grasa yon
patenarya 2 milyon dola ant M-DCPS, "College Football Playoff
Foundation" (Fondasyon Playoff Football Kolèj la) ansanm ak "2026
College Football Playoff National Championship Game Host Committee"
(Komite Òganizatè Match Chanpyona Nasyonal Playoff Football Kolèj 2026 la).
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/058/AZ/SD/RD