Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
12/12/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS ak Riverside Elementary School Ap Selebre yon Donasyon $50,000 Yo Resevwa nan Men Konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine


Yon elèv Riverside Elementary School ki ap selebre donasyon Konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine, ak yon elèv ki ap demontre yon pwojè nan salklas wobotik STEM nan, ki benefisye nan donasyon an tou.

 

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon evènman selebrasyon nan Lekòl Elemantè Riverside mèkredi a, pou montre apresyasyon pou donasyon $50,000 nou resevwa nan men konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine pou sipòte inisyativ kourikoulòm STEM yo.

 

Direktris Lekòl Elemantè Riverside la, Veronica T. Recio, deklare “Nou pa gen mo pou n eksprime gratitid nou pou Konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine pou opòtinite sa a pou finanse pwojè STEM yo e pou ofri pwofesè yo zouti yo bezwen pou salklas yo… Sa yo se domèn ki pouse elèv nou yo pou yo amelyore kreyativite ak ladrès panse kritik yo atravè aktivite pratik tankou salklas andeyò lekòl la ansanm ak pwogram wobotik nou an, e sa se kòmansman an.”

 

Reprezantan distri a, Direktris Lekòl Elemantè Riverside la, Veronica T. Recio, reprezantan Konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine, ansanm ak anplwaye ak elèv lekòl la, te rasanble pou evènman sa a.

 

Nou pral itilize fon sa yo pou n fè akizisyon materyèl pou ranfòse klas wobotik nan lekòl la, leson andeyò salklas yo, pwojè pwofesè yo, ak lòt depans ki gen rapò ak STEM pou asire 670 elèv ki nan lekòl la pwofite de tout opòtinite pou yo fè enstriksyon y ap resevwa nan syans ak teknoloji fin reyèl nan lavi yo atravè pwojè pratik.

 

Amy Brandenstein ki soti nan ‘Chevron Corporate Affairs’ di "Chevron fyè pou li fè patenarya avèk ‘Sunshine Gasoline Distributors’ pou envesti nan avni edikasyon STEM ak opòtinite aprantisaj andeyò salklas ki enspire pwochen jenerasyon an."

 

Reprezantan Konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine ki te patisipe nan evènman an te kontan anpil dèske yo t ap fè pati inisyativ sa a pou ede elèv jwenn zouti yo bezwen pou pousuiv edikasyon STEM yo.

 

Max Alvarez, pwopriyetè Konpayi Gazolin Sunshine di, "Sunshine Gasoline Distributors, Inc. santi li onore pou l kontribye nan Riverside Elementary… Sipòte edikasyon se yon pati ki enpòtan anpil nan ranfòsman kominote nou an, e nou pran angajman pou n ede elèv yo fè siksè."

 

Kontribisyon sa a, ki fèt ak anpil jenewozite, reflete angajman Distri a pou ekselans ak inovasyon, ki fè M-DCPS se meyè chwa w dèske li ofri elèv zouti ak opòtinite yo bezwen pou yo ka reyisi nan yon mond kote se edikasyon STEM ki ap domine.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/069/AZ/CM/RD

Follow us