Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
12/16/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS an Kolaborasyon avèk Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak ‘Miami Loves Teachers’ Te Rekonèt Ganyan Rejyon an


Nan foto a, soti agoch pou rive adwat: Dtè. Michael Lewis, Asistan Sipèentandan M-DCPS; Linda Lecht, Direktris Jeneral ‘The Education Fund’; Rafael A. Villalobos, Sipèentandan Rejyon Sid la, ak Dawn Baglos, Chèf Resous Imèn, nan evènman kote Rejyon Sid M-DCPS la te resevwa twofe dèske yo ranpòte konpetisyon ‘Clash of the Regions’ an.

 

Rejyon Sid "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) a ranpòte konpetisyon òganizasyon 'Miami Loves Teachers (MLT)' patwone a ki rele ‘Clash of the Regions’. Yo te selebre akonplisman sa a nan yon gran seremoni ki te fèt semèn pase nan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl Perla T. Hantman nan. Rejyon Sid te gen pi gwo kantite pwofesè ki enskri sou sit entènèt 'MLT' a pou resevwa anpil avantaj òganizasyon sa a ki pa la pou pwofi ap ofri pwofesè yo.

 

Rafael A. Villalobos, Sipèentandan Rejyon Sid la di, “Mwen fyè anpil pou travay pwofesè ak lidè yo nan Rejyon Sid la... Mwen kontan anpil paske nou genyen twofe a e nou reprezante Lekòl Leta Miami-Dade County, paske nou se pi bon chwa ou.”

 

Reprezantan ki soti nan rejyon ak distri a, ansanm ak reprezantan òganizasyon 'Miami Loves Teachers,' 'The Education Fund,' 'Miami Orange Bowl Host Committee' 2026 la, ansanm ak 'College Football Playoff Foundation,' te patisipe nan evènman an.

 

Anplis de twofe a, premye 200 pwofesè ki te enskri yo ap resevwa biyè antre gratis pou 'Orange Bowl Classic 2026' la, yon match foutbòl Ameriken nan faz eliminatwa tounwa kolèj yo ki ap fèt premye janvye. Ap gen lòt opòtinite tou pou pwofesè yo jwenn biyè antre gratis pou match k ap vini yo.

 

‘Clash of the Regions’ se yon konpetisyon ak inisyativ kominotè ki bay pwofesè resous, tikè pou evènman, ak devlopman pwofesyonèl, kote diferan rejyon lekòl yo fè konpetisyon pou enskripsyon ak angajman. Pwofesè yo ka patisipe epi jwenn aksè nan resous yo lè yo enskri nan MiamiLovesTeachers.org.

 

Miami Loves Teachers se yon pwogram ki la pou rekonnèt pwofesè e pou ankouraje yo rete nan ansèyman, ki resevwa finansman nan men ‘The Education Fund’, an patenarya avèk Lekòl Leta Miami-Dade County, Fondasyon ‘College Football Playoff’ la, ak 'Miami Orange Bowl Host Committee 2026’ la.

 

Pwogram nan bay ankourajman, resous, ak opòtinite kominotè pou selebre ak sipòte pwofesè nan tout Miami-Dade, tankou sibvansyon 'DonorsChoose' $1,000 chak semèn pou pwofesè lekòl leta ansanm ak yon chèk pou direktè lekòl kote pwofesè a ap travay la. Nenpòt moun ki vle nonmen yon pwofesè li panse ki merite sa kapab fè sa lè li vizite:https://miamilovesteachers.org/teacher-of-the-week/

 

Gras a 'College Football Playoff Foundation' ak patenarya enteresan tankou, Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ofri opòtinite eksepsyonèl ak sipò pou pwofesè yo. Angajman sa a fè M-DCPS se pi bon chwa ou.”

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/070/AZ/RD/CM

Follow us