Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
12/19/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Òganize Seremoni Lansman Travay nan Norwood Elementary School

Raul Perez, Ofisye Anchèf Depatman Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman yo, Dtè. Kevin Williams, Direktè Lekòl Elemantè Norwood, Manm Komisyon Konsèy Lekòl la Dtè. Steve Gallon, III, reprezantan Distri a, anplwaye ak elèv yo te patisipe nan seremoni lansman travay la.

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni lansman travay nan Lekòl Elemantè Northwood pou selebre kòmansman yon pwojè renovasyon ki vo apeprè $2.8 milyon pou renove zòn kote paran yo depoze e vin chèche elèv yo, ansanm ak lòt amelyorasyon.

 

Raul Perez, Ofisye Anchèf Depatman Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman yo, pandan li t ap pale konsènan zòn otobis yo depoze ak vin chèche elèv yo ki ap renove kounye a te di, “Se yon bagay ekstrawòdinè lè kominote a ka ban nou opinyon yo, paske sa ki enpòtan pou nou se asire elèv nou yo an sekirite, anplwaye nou yo an sekirite, epi aprantisaj la ap fèt.”

 

Mesye Perez, reprezantan Distri a, Manm Komisyon Konsèy Lekòl la Dtè. Steve Gallon, III, Direktè Lekòl la, Dtè. Kevin Williams, anplwaye, pwofesè ak elèv yo tout te patisipe nan seremoni lansman travay la.

 

Se konpayi 'D2 Construction' ki te resevwa kontra konstriksyon pou fè amelyorasyon nan Lekòl Elemantè Norwood la, epi konpayi achitekti 'LIVS Associates, LLC.,' te resevwa otorizasyon pou travay sou pwojè a tou. Pwojè renovasyon an pwevwa fini apepre ann out 2026.

 

Dtè Williams, Direktè lekòl la di, “Lansman travay Lekòl Elemantè Norwood la pi siyifikatif pase kòmansman yon pwojè konstriksyon. Li make kòmansman yon nouvo chapit ki ranpli ak pwomès, pwogrè, ak yon kwayans solid ki di elèv nou yo merite yon anviwònman ki eksepsyonèl menm jan ak yo.”

 

Renovasyon an pral transfòme lakou lekòl la lè li amelyore sikilasyon trafik, sekirite, kapasite, ak aparans lekòl la. Pami amelyorasyon yo genyen yon nouvo pakin pou anplwaye avèk 72 plas pou ede diminye konjesyon, epi yon zòn ki renove pou amelyore sikilasyon trafik ki gen plis sekirite pou otobis yo depoze ak vin chèche elèv. Pral genyen tou yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri ann aliminyòm ki konekte soti nan antre prensipal la rive nan zòn pou depoze e vin chèche elèv yo.

 


Elèv nan òkès Lekòl Elemantè Norwood yo te fè yon pèfòmans pandan seremoni lansman travay la.

 

Karen Hunter-Jackon, ki gen twa pitit ki te nan Lekòl Elemantè Norwood epi ki gen yon pitit pitit li ki se elèv nan lekòl la kounye a deklare, “Sa pote anpil lajwa ak kontantman pou nou.” Li t ap mande pou yon nouvo zòn pou depoze ak vin chèche elèv ki gen plis sekirite. Li kontinye pou di, “Nou ap montre jenerasyon jèn k ap vini yo si ou kontinye travay pou yon bagay, li ka pa fasil, men si ou kontinye pèsevere, ou ka fè yon diferans nan pwòp kominote pa w.”

 

Pami lòt renovasyon yo ap genyen nouvo peyizaj, ekleraj, ak yon nouvo kloti ki fèt ak fil fè pou perimèt lekòl la.

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/057/AZ/RD/CM

Follow us