Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/14/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Asire Avni Pitit Ou: Nou Ap Aksepte Aplikasyon pou Pwogram Magnet ak Pwogram VPK jiska 15 Janvye

''Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)'' (Lekòl Leta Miami-Dade County) toujou ap aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet ak pwogram "Voluntary Prekindergarten (VPK)" (Lekòl Matènèl Volontè) pou ane lekòl 2026-2027 la. Fanmi yo gen jiska 15 janvye 2026 pou aplike pou tout pwogram Magnet ak kèk pwogram 'VPK' ki enteresan anpil. Paran yo ka aplike nenpòt lè pou lòt pwogram VPK yo, sou baz moun ki vini anvan an se li y ap premye sèvi.

 

Pwogram Magnet M-DCPS yo gen repitasyon nasyonal, yo resevwa prim merit 'Magnet Schools of America' chak ane pou ekselans akademik ak apwòch inovatif yo. Avèk 121 lekòl ak plis pase 350 pwogram ki baze sou 11 tèm etid, pwogram sa yo prepare elèv yo pou kolèj ak karyè pandan y ap devlope kreyativite ak ladrès panse kritik.

 

Elèv yo ka eksplore tèm sa yo:

·         Ar ak Miltimedya

·         Biznis ak Finans

·         Pwogram ak Edikasyon pou Timoun Anbazaj

·         Ar Rafine

·         Syans Sante

·         Teknoloji Enfòmatik

·         Etid Entènasyonal ak Etid Avanse

·         Aprantisaj sou Demand

·         Sèvis Piblik

·         STEM (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik)

·         Komès ak Ensdistri

 

Soti nan pwogram 'SpaceHUB' la – ki se premye pwogram Magnet ayewospasyal nan Florid, Entèlijans Atifisyèl, RITMO – yon pwogram mizik Klas Avanse, rive nan 'Lovine and Young Center for Innovation', M-DCPS ap redefini sa ki posib nan edikasyon piblik. Pwogram sa yo reprezante plis pase kou yo anseye nan klas – yo se lansman pou karyè, kreyativite, ak konfyans nan yon anviwònman ki gen sekirite e ki bay sipò. Aprann plis nan: miamimagnets.org

 

‘VPK’ se yon pwogram leta finanse pou timoun katran (4) ki ap prepare yo pou fè siksè akademik alavni. Gen rechèch ki montre timoun ki patisipe nan bonjan pwogram devlopman nan lekòl matènèl bay pi bon rezilta nan lekti, matematik, ak ladrès sosyal. Pwogram VPK M-DCPS, nou ofri nan plis pase 200 lekòl, toujou depase estanda eta Florid yo kote 100 pousan pwogram yo te pase evalyasyon 'CLASS' eta a nan ane 2025 la.

 

N ap aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet ak VPK sèlman atravè paj admisyon ki sou sit entènèt Dadeschools.net la. Paran yo ka konekte fasilman lè yo itilize yon 'ID Apple' oswa 'Google' epi klike sou etikèt "Admissions Application" (Aplikasyon pou Admisyon) la pou kòmanse. Sa aplike pou nouvo elèv ak sa ki te deja la. Dat limit pou aplike pou pwogram Magnet ak kèk pwogram 'VPK' se 15 janvye 2026.

 

Avni pitit ou kòmanse nan M-DCPS ak pwogram ki reprezante ekselans, chwa, inovasyon, ak sekirite.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/072/AR/RD/CM

Follow us