Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/23/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Devwale Yon Espas Inovasyon nan Rockway Middle School

Elèv Lekòl Mwayen Rockway yo ap eseye yon planche entèaktif nan nouvo Espas Inovasyon lekòl la.

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te inogire yon Espas Inovasyon reamenaje, ki rich ak teknoloji nan Lekòl Mwayen Rockway. Nouvo espas la gen ladan yon "interactive floor" (planche entèaktif) ak nouvo mèb nan yon zòn ouvè kote elèv yo ka patisipe nan aktivite kreyatif an gwoup.

 

Reprezantan distri a, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Mari Tere Rojas, Komisyonè Miami-Dade County pou Distri 10 Anthony Rodriguez, Direktè Rockway a Ruben Morales, pwofesè ak elèv yo te patisipe nan seremoni koupe riban an.

 

Ofisye Anchèf Akademik M-DCPS la, Lourdes Diaz di, "Elèv yo ap kapab vini isit la ak kamarad klas nou yo epi vrèman pataje, vrèman inove nan aprantisaj nou. Pran sa ou genyen epi fè l tounen sa ou bezwen li ye a, se sa nou espere espas sa a ap ofri nou chak".

 

Sant medya reamenaje a gen ladan li tou mèb modilè detache ki konfòtab pou elèv yo detann yo e pou akomode plizyè kalite aktivite avèk ak yon tab wo kote elèv yo ka chita avèk òdinatè pòtab yo, pou etidye oswa pou yo jwe jwèt.

 

Direktè Lekòl Mwayen Rockway a, Ruben Morales di, “Sa ki bon ak nouvo mèb sa yo nan nouvo Espas Inovasyon nou an sèke yo adapte ak bezwen elèv yo pou fè yo santi yo alèz pandan yo isit la. Gen nouvo etajè pou liv, chèz mou ak tab kolaborasyon. Nou tou senpleman ap pote eksperyans aprantisaj la nan 21èm syèk la.

 

Genyen tou yon zòn 'Makerspace', ki gen ladan wobotik, ar ak atizana, teknoloji pratik, ansanm ak tablo jwèt.

 

Alain Morera, yon ansyen elèv ki gen pitit fi li yo, Amanda and Madison, ki kounye a nan lekòl la di, "Mwen renmen jan lekòl la evolye, jan li fè espas sa a vin pi bèl. Mwen swete nou te gen sa lè nou te ap grandi, pou te ouvri zye nou epi pou ban nou opòtinite pou nou eksplore epi eseye nouvo bagay. Mwen fyè anpil dèske pitit fi mwen yo se 'Falcons' e yo pral kontinye tradisyon lekòl la."

 


Alain Morera, ansyen elèv Lekòl Mwayen Rockway, ap selebre Espas Inovasyon an

avèk pitit fi li yo Madison ak Amanda, ki se elèv nan lekòl la.

 

Renovasyon an gen ladan nouvo gwo fenèt nan tout Espas Inovasyon an ansanm ak nouvo etajè pou liv. Zòn nan ekipe tou ak tab pliyant yo ka mete youn sou lòt, e ki ka itilize pou ansèyman nan salklas la e answit estoke rapidman e avèk efikasite lè yo pap itilize yo, ki maksimize epi kenbe yon espas ouvè pou lòt aktivite.

 

Michael Marrero, yon elèv uityèm ane di, “Kounye a avèk fenèt louvri yo, li parèt pi bèl – avèk nouvo chèz yo, nouvo biwo yo ak liv yo. Tout bagay chanje kounye a, e limyè ak nouvo koulè yo fè li klere, vibran e atiran, yon gwo chanjman pou Rockway.”

 

Inisyativ la, ap kreye 18 Espas Inovasyon pou elèv lekòl mwayen pandan de (2) ane, sipòte ak yon patenarya 2 milyon dola ant M-DCPS, Fondasyon College Football Playoff la, Komite Òganizatè Miami 2026 la, ak Komite Orange Bowl la.  


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.

# # #

26-JCD/082/AZ/SD/RD

Follow us