Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/23/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Kat Finalis Nan Konpetisyon Pou Prim Meyè Pwofesè Pou Ane a Nan Lekòl Miami-Dade

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral òganize seremoni 2027 "Francisco R. Walker Teacher of the Year" (Meyè Pwofesè pou Ane a) nan Miami-Dade County pou nonmen pwofesè ki pi ekstrawòdinè atravè distri a mèkredi 28 janvye 2026, a 6:30 diswa nan DoubleTree by Hilton Hotel Miami Airport & Convention Center. Otèl la lokalize nan 711 N.W. 72nd Ave., Miami, FL 33126

 

Men lis kat finalis yo, rejyon ak lekòl yo reprezante yo:

·         Nò – Julia Pennington-Gilchrist, Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary School

·         Sant – Roberto Rabelo, South Miami Middle School Commumity School

·         Sid – Dale J. Adamson, Howard D. McMillan Middle School

·         Edikasyon Karyè ak Teknik Apre-Lekòl Segondè/Divizyon Opòtinite Edikasyonèl – Gary D. Spitnale, Miami Lakes Educational Center and Technical College

 

M-DCPS pral rekonèt tou finalis Meyè Pwofesè Debitan pou ane 2027 la e y ap anonse gayan an nan evènman an.

 

Men lis kat finalis yo, rejyon ak lekòl yo reprezante yo:

·         Nò – Katherine Ocejo, Ernest R. Graham K-8 Academy

·         Sant– Tyone Haynes, Booker T. Washington Senior High School

·         Sid – Kristian Jose Luciano, Homestead Middle School

·         Edikasyon Karyè ak Teknik Apre-Lekòl Segondè/Divizyon Opòtinite Edikasyonèl  – Pedro D. Perez, Miami Lakes Educational Center and Technical College

 

Enstitisyon yo ki ap patwone evènman an gen ladan Educational Federal Credit Union (EdFed), United Way Miami, and Kendall Toyota, ki pral prezante Meyè Pwofesè pou Ane a kle yon oto tounèf. Evènman an te òganize gras a patenarya avèk “United Teachers of Dade” (Sendika Pwofesè nan Dade), Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs, "Dade Association of School Administrators" (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade), Univision ak Fox-Mar Photography.

 

Evènman tankou seremoni Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane a mete aksan sou kalib eksepsyonèl edikatè ki defini Lekòl Leta Miami-Dade County yo: pwofesyonèl devwe ki gen ekspètiz, ki pasyone ak angaje pou siksè elèv yo asire fanmi yo ka chwazi yon sistèm lekòl ki baze sou ekselans, inovasyon, ak opòtinite, sa ki fè MDCPS se vrèman pi bon chwa ou.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/083/AZ/SD/RD

Follow us