Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/15/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Make Yon Lòt Ane Avèk Yon To Enpresyonan 95 pousan Siksè nan Gradyasyon

Pou katriyèm ane youn apre lòt, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) depase to gradyasyon eta Florid la, sa ki montre pwogrè kontinyèl ak angajman distri a pou siksè elèv yo. Yon fwa ankò to gradyasyon lekòl distri nou yo depase 95 pousan, sa ki reflete yon regilarite nan siksè elèv yo.

 

Nan dat 13 janvye 2026 la "Florida Department of Education" (Depatman Edikasyon Florid) te anonse tout lekòl leta, ki gen ladan lekòl 'charter' yo, nan Konte Miami-Dade rive nan yon to gradyasyon istorik 93.1 pousan pou ane lekòl 2024-2025.  Sa reprezante yon ogmantasyon 1.3 pwen pousantaj konpare ak to ane pase a, ki te 91.8 pousan, epi li make pi gwo to gradyasyon nou janm reyalize, sa ki montre yon tandans ki kontinye ap ogmante nan pèfòmans elèv yo.

 

Anba a n ap jwenn kèk pwen enpòtan nan rapò a:

·         Nan ane 2024-2025 la, M-DCPS depase to gradyasyon eta a an jeneral e atravè tout gwoup minoritè yo rapòte yo, tankou Ispanik, Nwa, Blan, Elèv ki Ap Aprann Anglè, Elèv ki Gen Andikap, ak elèv ki Ekonomikman Defavorize.

·         Elèv Ispanik yo reyalize yon ogmantasyon 1.2 pwen pousantaj, yon ogmantasyon ki soti nan 92.4 pousan rive nan 93.6 pousan, ki depase to 91.6 pousan eta a.

·         Elèv Nwa yo reyalize yon ogmantasyon 1.9 pwen pousantaj, yon ogmantasyon ki soti nan 87.9 pousan rive nan 89.8 pousan, ki depase to 89.2 pousan eta a.

·         Elèv ki Gen Andikap yo reyalize yon ogmantasyon 0.4 pwen pousantaj, yon ogmantasyon ki soti nan 89.6 pousan rive nan 90 pousan, ki depase mwayen 89.1 eta a.

·         Elèv ki Ekonomikman Defavorize yo reyalize yon ogmantasyon 1.9 pousan, yon ogmantasyon ki soti nan 91.2 rive nan 93.1 pousan, ki depase to 89.5 eta a.

·         Elèv ki Ap Aprann Angle yo reyalize yon ogmantasyon remakab 3.9 pwen pousantaj, yon ogmantasyon ki soti nan 84.2 pousan rive nan 88.1 pousan, ki depase to 86.3 pousan eta a.

 

Reyisit enpòtan sa a reflete angajman fèm M-DCPS pou ekselans, chwa, inovasyon, ak sekirite, ki fè nou se pi bon chwa ou pou edikasyon.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/080/AR/RD/CM

Follow us