Inogirasyon nouvo
laboratwa enfòmatik nan Kolèj Teknik D.A. Dorsey
"Miami-Dade County
Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), te fè yon
seremoni koupe riban nan Kolèj Teknik D.A. Dorsey pou prezante nouvo laboratwa
"Computer Systems and Information Technology Lab (CSIT)" (Sistèm Teknoloji
Òdinatè ak Enfòmatik) lekòl la. Laboratwa a ekipe avèk òdinatè ki pral pèmèt
elèv yo jwenn eksperyans pratik nan domèn enfòmatik.
Sipèentandan Lekòl yo, Dtè.
Jose L. Dotres di, "Sa n ap fè a se yon bagay ki pral benefisye pa sèlman
elèv ki nan lekòl sa a, men tout kominote a. Se yon laboratwa ki pral ofri elèv
nou yo yon eksperyans ki enpòtan e apwopriye, pou yo pare pou demen, pa sèlman
pou lavni, e sa gen anpil valè pou nou."
Pami envite ki te patisipe
nan seremoni koupe riban an, te gen Madan Mari Tere Rojas, Chèmann Komisyon
Konsèy Lekòl la, Dtè. Dorothy Bendross Mindingall, manm Komisyon Konsèy Lekòl
la, René Mantilla, Asistan Sipèentandan pou Biwo Edikasyon Teknik ak Karyè aprè
Lekòl Segondè, Dtè. Jacoby Watkins, Direktè Kolèj Teknik D.A. Dorsey, patnè nou
yo nan sektè endistriyèl la e nan kominote a, anplwaye lekòl la, pwofesè, ak
elèv.
Laboratwa
a te jwenn finansman gras a don ki soti nan "Florida Workforce Development
Capitalization Incentive Grant (CAP)" (Don Avantaj Finansye pou Devlopman
Mendèv nan Florid), laboratwa 'CSIT' sa a ogmante opòtinite elèv yo nan
edikasyon teknik ak karyè nan sistèm òdinatè ak sistèm enfòmatik. Laboratwa a
konsantre sou devlopman mendèv, epi ekipe elèv yo avèk konpetans esansyèl pou
yo antre dirèkteman nan mache travay la apre yo fin diplome. Kalite envestisman
sa yo demontre poukisa M DCPS rete pi bon chwa pou elèv ki ap chèche fè
eksperyans aprantisaj avanse ak chemen karyè ki solid.
Elèv nan Kolèj Teknik D.A. Dorsey ap egzamine
disk mayetik yon òdinatè.
Dtè. Jacoby
Watkins, Direktè Kolèj Teknik Dorsey a di, "Sa a enteresan anpil. Nou te gen chans pote sistèm
teknoloji dènye kri nan nouvo laboratwa enfòmatik nou an. Sa pral fè li pi
fasil pou rekrite nouvo elèv pou pwogram 'CSIT' nou an, epi elèv kolèj nou yo
ak elèv lekòl segondè ki ap patisipe nan pwogram anwolman doub pou karyè yo
kapab itilize l tou."
Mesye Watkins kontinye pou l
di kounye a kolèj teknik la pral ouvè pandan aswè tou pou sèvi elèv yo.
Edvard M. Telasco, yon elèv
nan Kolèj Teknik Dorsey di, "Anvan sa, nou te gen anviwon sèt (7) òdinatè,
e kounye a nou gen plis pase 25. Sa pral ede nou anpil nan etid nou yo. Nou gen
òdinatè 'MacBooks', yon pi bon koneksyon entènèt, epi anpil espas pou nou
travay."
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/090/AZ/RD/CM