Nan dènye reyinyon regilye li
a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami Dade County a te apwouve yon pwojè konstriksyon
ki vo apeprè $20.6 milyon dola bay konpayi 'KAST Construction Company, Florida,
LLC.', pou konstwi yon nouvo bilding nan Lekòl ‘Marine Academy of Science and
Technology (MAST)’ ki sitiye nan Inivèsite FIU, Biscayne Bay Campus la.
Yo pral konstri nouvo bilding
twa etaj sa a sou yon teren anviwon 35,000 pye kare, li pral gen ladan 20 sal
klas jeneral ak apeprè 500 plas pou elèv. Nouvo bilding sa a ap gen ladan l tou
yon biwo administratif, yon sal pou manje, yon kwizin pou chofe manje, ansanm
ak yon espas deyò pou manje.
Ap genyen tou yon pasaj pou
pyeton ki kouvri e ki konekte ak bilding ki egziste kounye a, yon nouvo pakin
ki ap gen 36 plas, ap genyen tou twotwa ak kloti, epi yon wout sou bò sid
pwopriyete a.
Pwojè a pwograme pou fini
apeprè an novanm 2027.
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè
telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou.
Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou
Instagram nan @MiamiSchools ak
@SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/91/AZ/RD/SD