Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/6/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwogram Edikasyon Mizik M-DCPS la Touche yon Nòt Siperyè: Pwofesè Òkès la Ranpòte Prim Edikatè Mizik 2026 GRAMMY® an

Jennifer Jimenez, gayan Prim Edikatè Mizik 2026, sou tapi wouj la

 

Nan wikenn nan, Jennifer Jimenez, Direktris Òkès nan South Miami Senior High, ranpòte yon prim ‘GRAMMY®’ e yo rekonèt li avèk Prim Edikatè Mizik 2026 la. Yo te fè chwa sa a pami dis finalis ki te an konpetisyon pou prim nan, anplis li ranpòte a pwosesis seleksyon ki te kòmanse plizyè mwa de sa, sou plis pase 2,000 nominasyon inisyal ki soti nan 50 eta.  

 

Madan Jimenez di, “Se avèk anpil imilite m ap reprezante edikatè mizik atravè peyi a ki ap travay di chak jou… Mwen gen anpil rekonesans pou limyè rekonesans sa a mete sou lekòl ekstrawòdinè nou an.”

 

Nou rekonèt Jimenez pou enpak li ki transfòme lavi elèv yo e pou tout ane angajman li pase nan kominote Sid Miami an. Anplis prim nan, Jimenez resevwa yon peman $10,000 ansanm ak yon don korespondan $10,000 pou pwogram mizik nan South Miami Senior High School la.

Jimenez, nan mitan, avèk Òkès Cobra South Miami Senior High la

 

Jimenez, ki sou 19èm ane li kòm Direktris Òkès nan South Miami Senior High School, te yon gayan Prim Ansèyman Enspirasyonèl Sant Kennedy ‘Sondheim’ anvan sa, e li te Finalis pou Prim Edikatè Mizik GRAMMY® an tou.

 

Filozofi Jimenez itilize pou ranfòse konfyans elèv yo pou fè siksè, pa sèlman nan klas la men nan lavi tou, rive bay bonjan rezilta. Anba dlidèchip li, pwogram ‘Cobra Band’ la te fleri, avèk gwo estanda li te etabli ki te pèmèt elèv yo ofri pèfòmans nan ‘Carnegie Hall’ ak nan ‘Super Bowls’.

 

Ekspreyans li pou rive nan pozisyon lidè li ye kounye a, te vin pi ranfòse toujou avèk yon egzibisyon talan enpresyonan nan M-DCPS, avèk senk elèv ki te rive nan kadefinal nan pwosesis seleksyon inisyal GRAMMY® an:

 

·         Oliver Diez, Palmetto Elementary

·         Dtè. Janet Duguay-Kirsten, Dante B. Fascell Elementary

·         Cindy Ellis, Miami Arts Studio 6-12 at Zelda Glazer

·         Jim Gasior, New World School for the Arts

·         Jennifer Jimenez, South Miami Senior High (Gayan)

 

Siksè li demontre talan ekstrawòdinè ak opòtinite nou jwenn atravè lekòl nou yo, e sa se youn nan anpil rezon ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/094/AZ/CM/RD

Follow us