POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/12/2026
KONTAK: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247
M-DCPS Fè Seremoni Lansman Pwojè pou Konstriksyon Nouvo Bilding Prensipal MAST @ FIU
Reprezantasyon nouvo bilding prensipal MAST@FIU, ki kòmanse
konstwi lendi a.
“Miami-Dade County Public Schools
(M-DCPS)”
(Lekòl Leta Miami-Dade
County) te fè yon seremoni lendi a, nan Marine Academy of Science and
Technology (MAST) @ FIU, Biscayne Bay Campus, pou selebre yon pwojè $20.6 milyon
pou konstwi nouvo bilding prensipal lekòl la.
Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L.
Dotres di, “Pandan n ap pran wout pou lavni, se kalite anviwonman sa yo nou vle
ofri elèv nou yo ansanm ak kominote nou an, e pa gen anyen ki pi bon pase yon lekòl
segondè ki ap travay ansanm avèk yon inivèsite tankou FIU… Sa se yon kanpous
ekstrawòdinè paske li pap sèlman sèvi kòm salklas. Espas nou ap ajoute yo ofri
yon pi bon opòtinite pou elèv aprann nan yon anviwònman ki vrèman espesyal. Se
prèske tankou w te nan yon laboratwa.”
Anplis
Dtè. Dotres, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Joseph Geller, Direktè Sèvis Plan ak
Konstriksyon Bilding Raul Perez, Ofisye Anchèf Kominikasyon Jacquelyn C. Diaz, Reprezantan
Distri M-DCPS, Reprezantan Florida International University (FIU), Direktè MAST
@ FIU Roberto E. Sarmiento, anplwaye lekòl la, ak elèv yo te patisipe nan evènman
an tou.
Direktè
MAST @ FIU, Roberto Sarmiento di, “Gras ak detèminasyon Distri a, nou pral
genyen yon bilding anplis pou resevwa de fwa plis elèv ak anplwaye, e ki pral
ofri plis espas toujou pou pwofesè nou yo, anplwaye nou yo, ansanm ak vizitè yo
pou yo ka vin bonjan sitwayen global nan anviwònman yo.

Direktè Sèvis Plan ak
Konstriksyon Bilding Raul Perez, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Joseph Geller,
Direktè MAST @ FIU Roberto E. Sarmiento, Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L.
Dotres, Sipèentantan Rejyon Nò Dtè. Yesenia Aponte, Ofisye Anchèf Kominikasyon
Jacquelyn C. Diaz, yo tout te patisipe nan evènman an.
Nouvo bilding 35,000 pye kare a pral gen
ladan 20 salklas jeneral avèk apeprè 500 plas pou elèv, ansanm ak yon sal
administrasyon, yon chanm anndan e youn sou deyò pou moun manje avèk yon kuizin
espesyalize pou konsève e chofe manje, ak yon espas deyò pou moun manje.
Ap
genyen tou yon nouvo pasaj pou pyeton aletaj, ki kouvri e ki konekte avèk
bilding ki la kounye a, yon nouvo espas pou pakin avèk 36 plas, twotwa ak kloti,
jaden byen amenaje ak tout sèvis modèn, ansanm ak yon wout ki pase sou bò sid
etablisman an. Bilding nan ap ekipe tou avèk nouvo pano solè.
Se
KAST Construction ki te resevwa kontra konstriksyon an, e konpayi achitekti
Wolfberg Alvarez and Partners te komisyone pou egzekite pwojè sa a, nou estime
ki ap fini ann out 2027.
Elèv
yo kontan anpil pou nouvo posiblite yo ka deja ap imajine, kote yo pral genyen
yon nouvo bilding ki ajoute sou kanpous yo a.
Mya
Dorvil, yon elèv dènye ane lekòl segondè nan lekòl la di, “Nou pral genyen
anpil opòtinite pou n devlope e aprann… MAST @ FIU ap fè gwo travay nan domèn
aprantisaj pratik, nan pèmèt nou travay sou bagay nou pap jwenn nan liv. Nou ka soti deyò a, nou fè fize ak boutèy, e nou lanse
yo. Nou teste nivo sèl ki nan pwent lanmè nou an. Kounye a nou ka monte nan yon
lòt nivo avèk nouvo bilding sa a.”
Dorvil di li gen yon kouzen l ki te nan lekòl sa a lè li
te fèt avèk trelè, san okenn bilding prensipal, e li di li vrèman enpresyone
pou l ap asiste kalite transfòmasyon sa a nan lekòl li a.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools
la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/110/AZ/CM/RD