Elèv Lekòl Elemantè South
Hialeah ap resevwa sèvis dantal atravè ‘Big Smiles’
Madi pase “Miami-Dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) selebre lansman Pwogram Dantal
‘Big Smiles’ nan Lekòl Elemantè South Hialeah. Pwogram nan pral bay elèv sèvis
dantal gratis nan kèk lekòl Distri a chwazi.
Sipèentandan Lekòl
yo Dtè. Jose L. Dotres di, “Pa gen pi bèl bagay nan mond la lè w ap gade yon
timoun ki ap souri. Souri yon
timoun, kèlkeswa timoun nan, jis amelyore jounen ou. Kounye a avèk ‘Big Smiles’,
souri sa a vin pi bèl e pi gwo toujou. Nenpòt lè nou ka fasilite resous pou fanmi
yo, tankou swen dantè, nou kreye meyè posibilite ak estrikti aprantisaj pou
elèv nou yo. Sa se kle.”
Pami lòt moun ki te akonpanye Dtè. Dotres,
te gen Manm Komisyon Konsèy Lekòl Danny Espino, Ko-Fondatè ak Vis Chèmann Egzekitif
‘Big Smiles Dental’ Dtè. Marcy Borofsky, reprezantan Distri yo, Direktè lekòl la,
Dtè. Dillon M. Williams, anplwaye lekòl, pwofesè, ak elèv yo te rasanble pou
selebre evènman an.
Plis pase 51 milyon lè prezans lekòl gaspiye
chak ane akoz mank swen sante dantè; nan nenpòt moman done, ou jwenn 1 nan 7 timoun
ki ap soufri ak maldan. Eta Florid la klase nan 50èm pozisyon nan
aksè dantal pou swen timoun defavorize. Pwogram ‘Big Smiles Dental’ la, ki ap
travay e fè patenarya avèk 8,000 lekòl nan peyi a, resevwa elèv pou plis pase
10 milyon fwa nan espas 30 ane, e yo espere amelyore kriz sa a nan fè patenarya
avèk M-DCPS.
Dtè. Borofsky di, “Dan gate se premye
enfeksyon maladi kwonik timoun, li se premye bezwen nan sante timoun yo inyore,
e avèk sa, timoun yo pa ka konsantre, aprann, oswa briye. Solisyon an se
patenarya konsa avèk Lekòl Leta Miami-Dade County, ki pote swen dantè a kote
timoun yo ye a.”
Nan foto a degoch adwat: Ofisye
Anchèf Operasyon Luis E. Diaz, Direktè Lekòl South Hialeah
Elementary Dtè. Dillon
M. Williams, Manm
Komisyon Konsèy Lekòl Danny Espino, Ko-Fondatè ak Vis
Chèmann Egzekitif ‘Big Smiles Dental’ Dtè. Marcy Borofsky, Sipèentandan Lekòl
yo Dtè. Jose L. Dotres antoure ak elèv lekòl South Hialeah Elementary.
Dtè. Borofsky di lè ekip Dantal ‘Big
Smiles’ la vini nan yon lekòl, yo aranje yon klinik dantè mobil, ki ekipe avèk
chèz dantal, atik esterilizasyon, ekipman pou asistan dantè, e sa ki pi enpòtan
toujou, yon doktè dantis ak yon asistan dantis ki lisansye. E apre visit la, yo
demonte e ranmanse tout ekipman yo pou ale bay elèv sèvis nan pwochen lekòl yo.
Akseswa yo sèvi pou edike
elèv sou swen dantè nan klinik ‘Big Smiles’
Evelyn
Delgado, ki se yon paran di, “Ide sa a fè m kontan anpil. Mwen pap bezwen pèdi
yon jou travay ankò. Lefèt mwen oblije transpòte de (2) timoun nan vil la pou
al pran swen dantè difisil anpil.’’ Se yon bon bagay pou gen pwogram konsa nan
lekòl nou yo.”
‘Big Smiles
Dental’ ap bay sèvis dantal nan andwa lekòl M-DCPS chwazi pou patisipe nan pwogram
eksperimantal sa a. Pwogram nan ap retounen sis mwa apre premye vizit la pou
kontinye tretman yo e pou resevwa nouvo pasyan.
Pou dènye enfòmasyon
yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou
WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, ak sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-JCD/111/AZ/SD/RD