Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/17/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Envestisman $1.5 Milyon Dola Ap Ranfòse Aksè Kolèj pou Elèv M-DCPS yo Gras a yon Patenarya Istorik

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) fyè pou anonse yon nouvo inisyativ solid pou ogmante opòtinite kolèj pou elèv li yo, kote Fondasyon Edikasyon Helios finanse yon sibvansyon $1.5 milyon. Fon Edikasyon an, ki resevwa prim nan, pral kolabore deprè ak M-DCPS pou enplemante pwogram nan.

 

Envestisman istorik sa a make premye sibvansyon Helios bay pou sipòte modèl kolaborasyon sa a nan M-DCPS, sa ki siyale yon nouvo epòk envestisman pou elèv ki prale nan kolèj.

 

Prezidan ak Direktè Jeneral Helios, Paul J. Luna, di, “Chak elèv merite yon avni ki ranpli ak posiblite, li dwe jwenn sipò pou l pousuiv posiblite yo. Envestisman sa a gen pou objèktif louvri pòt, ogmante perspektiv, epi asire plis elèv Miami-Dade ka antre nan yon kanpous kolèj avèk konfyans, pou yo santi se la a plas yo ye." Lè elèv yo kwè yo gen aksè a kolèj, li pa sèlman chanje lavi endividyèl yo— li transfòme fanmi yo, li ranfòse kominote yo, epi li fòme jenerasyon kap vini yo.

 

Don an pral finanse pwogram ki fèt pou asire ke tout timoun gen opòtinite pou yo pousuiv e tèmine degre kolèj ki dire dezan oswa katran. Lè nou ekspoze elèv yo byen bonè ak kolèj, bonjan konsèy, preparasyon egzamen, sipò pou ekri disètasyon, ansanm ak yon sistèm amelyore pou ranpli FAFSA, nou asire n chak elèv kapab wè kolèj kòm yon chemen ki posib e reyalizab atravè lekòl M-DCPS yo.

 

Sipèentandan lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres di, “Avèk chak inisyativ, chak don, chak patevarya, objektif final nou se asire ke chak elèv resevwa yon edikasyon ki pèmèt yo akonpli pi gwo rèv yo, keseswa pou yo vin enfimyè oswa enjényè, pwofesè oswa avoka… Patenarya sa a avèk ‘Helios Fondasyon Edikasyon’ ansanm ak Fon Edikasyon an mete nou pi pre objektif sa a toujou.”

 

Se elèv “premye-jenerasyon” yo ak elèv ki ap fè fas ak difikilte ekonomik oswa pwoblèm pou resevwa bonjan enfòmasyon sou edikasyon siperyè ki ap benefisye de pwogram sa a an premye. Lè inisyativ sa a ofri resous dirèk konsa, se redui l ap redui inegalite nan edikasyon e an menm tan l ap pèmèt plizyè milye elèv reyalize objektif yo fikse pou apre lekòl segondè, e finalman sa ap amelyore salè ak sekirite ekonomik fanmi Miami-Dade yo.

 

Kolaborasyon sa a reflete angajman M-DCPS pou ofri plis ekite nan edikasyon. Fon Edikasyon an pral jwe yon wòl enpòtan nan aplikasyon pwogram nan, lè li itilize apeprè 40 ane eksperyans li nan sipòte inisyativ edikasyon ki inovatif nan Miami-Dade.

 

Linda Lecht, Direktris Jeneral 'Education Fund' deklare, "Don sa a pèmèt Fon Edikasyon an ogmante travay nou anpil pou ede elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade County reyalize rèv yo pou ale nan kolèj pou de (2) zan oswa katran -- edikasyon aprè lekòl segondè ki enpòtan anpil pou devlope siksè nan karyè pwofesyonèl yo epi ogmante revni yo pandan tout lavi yo. Don sa a sipòte tou efò n ap fè pou kreye modèl rezilta siksè tout lekòl atravè M-DCPS ka enplemante nan kanpous pa yo."

 

Enfòmasyon konsènan 'The Education Fund':

Fon Edikasyon an se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki devwe nan sèvis pou amelyore edikasyon piblik nan Konte Miami-Dade, lè li angaje kominote a ansanm ak sektè prive a pou sipòte pwofesè ak elèv yo.

 

Don tankou sa ki fèt ak jenewozite, kreye yon efè kontinyèl, ki chanje lavi elèv yo ak fanmi yo pou plizyè jenerasyon k ap vini. Lè nou ede elèv nou yo devlope bonjan karyè epi retounen pou ede kominote yo, nou ap asire yon avni ki pi briyan pou tout Miami-Dade. Patenarya tankou sa yo se yon lòt rezon ki fè M-DCPS se Pi Bon Chwa ou.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/078/AZ/SD/CM/RD

Follow us