Tout “Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County), ansanm ak biwo Rejyon ak biwo Distri yo, ap fèmen pou Vakans Prentan soti lendi 23 mas rive vandredi 27 mas. Elèv ak anplwaye yo, eksepte kèk anplwaye 12 mwa yo chwazi ak anplwaye ‘Fraternal Order of Police,’ pral nan Vakans Prentan.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.?
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/115/CG/RD/CM