Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/20/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Nouvo ‘SportsPLEX’ nan Miami Killian:Premye Sant Magnet Espesyalize nan Endistri Espò a

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap transfòme antouzyas pou yon "Jou Match" pou l vin tounen yon vrè "Eksperyans Pwofesyonèl." Kòmanse ann otòn 2026, nou ap lanse nouvo ‘SportsPLEX’ (Konplèks Espòtif) nan Lekòl Miami Killian Senior High, ki pral premye sant espòtif pwogram Magnet nan kalite sa a nan nivo endistri ki pral prepare elèv yo pou karyè wo nivo nan medsin, dwa, finans ak jeni ki konekte ak endistri espòtif la.

Malgre kourikoulòm n ap ofri a se yon pwogram selektif, eksperyans lan ap toujou kenbe idantite Lekòl Miami Killian. Elèv yo pral kontan fè eksperyans yon lekòl segondè tradisyonèl—yon lekòl ki gen yon istwa nan domèn atletik e ki reprezante yon bonjan sipò pou divès ekip atletik—tout sa pandan y ap aprann atravè vizyon endistri espò espesyalize a.

Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres di, “SportsPLEX pa fèt sèlman pou atlèt; men li fèt pou pwochen jenerasyon inovatè yo…

Kit yon elèv vle vin yon chirijyen, yon ajan espòtif, oswa yon Direktè Finansye, SportsPLEX itilize endistri espòtif la ki evalye a plizyè milya dola kòm yon platfòm pou siksè pwofesyonèl."

Madan Mary Blanco, Manm Konsèy Lekòl la di, “Lansman SportsPLEX nan Miami Killian reprezante angajman nou pou prepare elèv yo pou lavni. Nou pa sèlman kreye yon nouvo pwogram, nou ap bati yon chemen pou elèv yo transfòme pasyon yo an objektif! Mwen kontan anpil pou gen yon pwogram magnet inovatif konsa nan Miami Killian Senior High. Pwogram sa a melanje aprantisaj akademik ak eksperyans pratik elèv yo ap fè nan endistri, ki ba yo zouti pou yo reyisi nan karyè ki depase domèn espesifik y ap aprann nan, e ki ba yo konfyans pou yo vin dirijan nan endistri espòtif mondyal la.”

Kourikoulòm nan depase kad estad la. Li antre nan salklas la ak kat (4) trajektwa espesyalize:

·       Biznis, Finans ak Jesyon Espòtif: Yon rega pwofon nan mond finans, dwa, kontra ak estrateji antrepriz.

·       Pèfòmans ak Prevansyon kont Blesi nan Aktivite Espòtif: Yon apèsi pou fiti doktè ak founisè swen sante.

·       Teknoloji ak Inovasyon Espòtif: Fòme pwochen jenerasyon enjenyè ak espesyalis done yo.

·       Medya Espòtif ak Konsepsyon Kreyatif: Pou fiti animatè, atis dijital, ak gwo zotobre nan medya


Kijan pou w Aplike: Pa Rete Sou Kote

Aplikasyon yo ofisyèlman louvri pou elèv k ap antre nan 9èm ane ann otòn 2026 pou nouvo ane lekòl la. Sepandan, paran yo dwe aji vit—plas yo limite epi yo ranpli sou yon baz moun ki premye rive, se li y ap sèvi an premye.

Kote pou w Aplike:

Vizite Pòtal Paran M-DCPS la nan www3.dadeschools.net/ParentPortal.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, ak sou Facebook nan MiamiSchools.

 


# # #

26-JCD/116/ERL/SD/RD/CM

Follow us