Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/20/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Inogire yon Espas Inovasyon Dènye Kri nan Norland Middle School

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) inogire yon Espas inovasyon reamenaje, ki rich ak teknoloji nan Lekòl Mwayen Norland. Nouvo espas la gen ladan yon "interactive floor" (planche entèraktif) ak nouvo mèb nan yon zòn ouvè kote elèv yo ka patisipe nan aktivite kreyatif an gwoup. 

Ofisye Akademik Anchèf Lourdes Diaz di, "Espas inovasyon sa yo se yon temwayaj sou pouvwa patenarya piblik-prive yo ak kijan ansanm, nou ka vrèman fè yon diferans pou elèv nou yo... Mwen espere tout bon vre elèv yo ka vin la a pou yo kolabore, inove, e eksplore, vrèman kite kiryozite nou vwayaje san rete ak tout nouvo teknoloji ki la yo." 

Anplis Madan Diaz, manm Konsèy Lekòl Steve Gallon III, Sipèentandan Rejyon Nò a Dtè. Yesenia Aponte, Ofisye Anchèf Kominikasyon Jacquelyn C. Diaz, reprezantan Distri a, Direktè Lekòl Mwayen Norland Sacha T. Challenger, anplwaye, pwofesè, ak elèv yo te prezan nan inogirasyon an. 

Espas Inovasyon an gen yon zòn ouvè ak yon 'Makerspace' (Espas Kreyatif) ak wobotik, ar ak atizana, teknoloji pratik, ak tablo pou jwèt, ansanm ak yon estasyon jwèt ak yon planche entèraktif pou elèv yo eksplore epi pwofite divès aktivite ak jwèt aprantisaj avèk pye yo. 

Sant medya reyamenaje a gen ladan l tou mèb an pyès detache ki konfòtab pou elèv yo detann yo e pou akomode plizyè kalite aktivite, ak yon tab wo kote elèv yo ka chita avèk òdinatè pòtab yo, pou etidye oswa pou yo jwe jwèt. 


Dtè. Challenger di, "Mwen kontan anpil timoun mwen yo gen yon espas inovatif ki gen diferan eleman… Nou gen yon sant enfòmatik, estasyon jwèt, wobotik, ak yon zòn 'Makerspace' kote timoun yo ka fè diferan atik ak diferan pwojè. Nou genyen tou yon kote timoun yo ka antre, fè travay, gade deyò fenèt la pou wè bèl jaden nou an, sosyalize epi fè tout sa elèv renmen fè." 

Renovasyon an gen ladan nouvo gran fenèt nan tout Espas Inovatif la ansanm ak nouvo etajè pou liv. Zòn nan ekipe tou ak tab pliyant yo ka mete youn sou lòt, e ki ka itilize pou ansèyman nan salklas e ansuit estoke rapidman e efikasman lè yo pap itilize yo, ki ogmante itilizasyon espas la epi kenbe li disponib pou lòt aktivite. 

Elèv yo te etone wè kalite aktivite ki disponib pou yo kounye a. Sephora Stenor, yon elèv setyèm ane, ki te ede prepare Espas Inovasyon pou inogirasyon an di, “Espas Inovasyon sa a amizan pou elèv yo, paske li ede yo aprann bagay tankou sikwi ki pa ka koupe yo; sa se jeni... Avèk de (2) pil senp ak kèk sikui, ou ka fè son soti ladan yo. Anvan sa, mwen pa te janm konnen sikui ki pa koupe konsa te egziste. Kounye a, mwen ka vin la a, sèvi ak òdinatè pòtab yo pou m travay, epi li yon liv sou yon atik mwen pa te ka konprann nan klas la.” 

Gen lòt elèv ki enpresyone sou diferans ki genyen ant ansyen bibliyotèk la ak nouvo teknolojik bibliyotèk ibrid la ansanm ak espas jwèt teknolojik yo a. 

Jodie Hernandez, yon elèv uityèm ane di, "Mwen te etone wè fason espas sa a transfòme parapò ak ansyen espas la... Mwen renmen nouvo aktivite yo genyen yo, tankou planche aktif la. Lè w touche planche a, gen plizyè jwèt sou li, epi ou ka jis sèvi ak pye w pou tape.” 

Inisyativ sa a, ki ap kreye 18 espas inovasyon pou lekòl mwayen nan dezan, te resevwa yon finansman $2 milyon gras ak yon patenarya ant M-DCPS, ‘College Football Playoff Foundation’ ak Komite Planifikasyon Chanpyona Nasyonal ‘College Football Playoff’ pou ane 2026 la. 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/112/AZ/CM/SD/RD

Follow us