Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/13/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Kat Finalis an Konpetisyon pou Prim Meyè Direktè Lekòl M-DCPS la

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral fè seremoni Meyè Direktè Lekòl ak Asistan Direktè Lekòl pou 2026, pou nonmen direktè ak asistan direktè ki pi ekstrawòdinè yo jedi 16 avril 2026, a 6:00 diswa nan DoubleTree by Hilton Hotel Miami Airport & Convention Center. Otèl la lokalize nan 711 N.W. 72nd Avenue, Miami, FL 33126.

Nan lis ki anba a n ap jwenn finalis yo, rejyon yo reprezante, ansanm ak lek
òl yo:

·         Nò – Alfred V. Torossian, Miami Beach Senior High School

·         Santral – Lamar Johnson, Liberty City Elementary School

·         Sid – Jorge M. Bulnes, Southwest Miami Senior High School

·         Edikasyon ak Karyè Apre Lakòl Segondè Dr. Cristina Ugalde, Miami Beach Adult and Continuing Education Center

 

Distri a ap rekonèt tou finalis pou Prim Meyè Asistan Direktè Lekòl pou 2026, e l ap anonse gayan yo nan seremoni an.

 

Nan lis ki anba a n ap jwenn finalis yo, rejyon yo reprezante, ansanm ak lekòl yo:

·         Nò – Karen Gonzalez Delgado, Miami Norland Senior High School

·         Santral – Dr. Andre Jackson, Miami Jackson Senior High School

·         Sid – Lorena Garrote-Lee Sang, Jorge Mas Canosa Middle School

·         Edikasyon ak Karyè Apre Lekòl SegondèEric A. Arredondo, Miami Palmetto Adult and Continuing Education Center

 

Chak ane, M-DCPS onore meyè lidè lekòl li yo nan yon seremoni prim “Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Adiministratè Lekòl Dade) patwone. Se yon opòtinite pou rekonèt meyè direktè ak direktè asistan nan Distri a.

 

Evènman sa a posib grasa yon patenarya avèk Headquarter Toyota, Equitable, EdFed, Royal Caribbean, South Florida Youth Foundation, Curriculum Associates, Horace Mann Educator’s Corporation, Overtown Youth Center, CDW Education, BENCOR, Hand2Mind, ak Corebridge Financial.

 

Meyè direktè pou ane a ap resevwa yon lokasyon vwati pou twazan nan men konpayi Toyota of North Miami, e gayan prim meyè asistan direktè pou ane a ap resevwa yon kwazyè senk jou nan men Royal Caribbean. Moun ki vini an dezyèm pozisyon yo ap resevwa yon prim lajan kach. Devouman direktè ak asistan direktè sa yo, angajman yo demontre pou elèv yo, ansanm ak akonplisman yo atravè ane lekòl la se yon lòt rezon ankò ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/113/AZ/CM/RD

Follow us