Poukisa pou w kontante w avèk yon salklas tradisyonèl lè
ou ka pran fòmasyon nan yon konplèks espòtif ekstrawòdinè oubyen desine nouvo
jenerasyon aparèy espasyal yo?
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) ouvri ofisyèlman peryòd Aplikasyon pou “Open Seats” (Plas
Disponib) nan Pwogram Magnèt li yo, ki ofri yon dezyèm chans pou elèv yo
reklame yon plas pami kèk nan pwogram edikasyonèl ki pi inovatif e ki gen plis
demand nan peyi a. Fanmi yo ka aji vit pou aplike pou nouvo plas ki disponib
nan pwogram Magnèt ki ranpòte prim pou ane lekòl 2026-2027 la, paske plas yo ap
ranpli sou baz moun ki vini anvan ap jwenn sèvis anvan.
Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres deklare, "Nou
detèmine pou n asire nou chak elèv nan Miami-Dade gen aksè ak yon edikasyon
klas mondyal, espesyalize ki reveye pasyon yo… Ke elèv sa a se yon fiti atis,
yon fiti doktè, oubyen yon innovatè teknolojik, yo gen yon plas ki disponib pou
yo."
Nouvo Fwontyè nan Aprantisaj
Ane sa a, M-DCPS ap entwodui pwogram dènye kri ki fèt pou
redui eka ki genyen ant sa k ap fèt nan salklas yo ak ekonomi mondyal la:
·
SportsPLEX nan Miami
Killian Senior High: Pwogram sa a ki pa sèlman
konsantre sou sa k ap fèt sou teren jwèt la, ap fòme pwochen jenerasyon ajan òespòtif,
patwon medya, ak innovatè nan syans espòtif, medsin, kominikasyon, ak
teknoloji.
·
SpaceHUB @ Booker T. Washington Senior High ak
SpaceHUB @ Hialeah-Miami Lakes Senior High: Lanse yon karyè nan
direksyon lespas. Elèv yo resevwa eksperyans pratik nan endistri espasyal ak
wobotik pou prepare yo pou endistri global sa a ki ap devlope rapidman.
·
Ekspansyon “International Baccalaureate (IB)”
(Bakaloreya Entènasyonal) nan Frank C. Martin K-8: Louvri
pòt kounye a pou Elèv Jadendanfan ka kòmanse eksperyans yo kòm fiti ekspè
global atravè yon kourikoulòm yo rekonèt globalman ki ki itilize apwòch kesyònman
lakay elèv.
Baze sou siksè nouvo pwogram nou te lanse ane pase yo,
fanmi yo ka jwenn plas tou nan nouvo karyè espesyalize sa yo nou ouvri ane sa a:
·
The Iovine and Young Center (IYC) @ Miami
Edison Senior High: Pwogram sa a ki melanje teknoloji,
konsepsyon, ak antreprenarya, se yon potomitan ki kontinye ap defye apwòch
tradisyonèl yo. IYC, ki fèt sou modèl akademi selèb USC a, ansanm ak vizyon lejand
endistriyèl Jimmy Iovine ak Andre “Dr. Dre” Young, se meyè baz lansman pou
pwochen jenerasyon innovatè yo.
·
DreCOMM @ Dr. Rolando Espinosa K-8 Center: Premye
pwogram Magnèt Doral sa a redui eka ki genyen ant sa k ap fèt nan salklas yo ak
medya yo. Elèv K-8 sa yo, ki lokalize nan yon sant medyatik global, metrize
ladrès pou rakonte istwa yon fason pwofesyonèl ansanm ak medya dijital pou yo
vin tounen lidè kominikasyon nan lavni.
·
RITMO @ Leisure City K-8 Center: Pwogram
trè dinamik RITMO ‘Rhythms, Inspiration, Tradition, Music, Origins.’ Pwogram
espesyalize sa a konsantre sou aspè mariachi, ki pèmèt elèv selebre eritaj mizikal
yo pandan y ap devlope pèfòmans klas mondyal ak ladrès teknik.
·
Venetian Parc Academy: Redefini eksperyans elèv yo
atravè yon apwòch pèsonalize ki baze sou metriz. Pandan l ap
entegre teknoloji dènye kri ak zouti dijital entèraktif pou amelyore aprantisaj
pèsonalize, li pral pèmèt elèv pwogrese nan pwòp vitès yo pandan y ap kiltive
yon pèspektiv global ki rich e devlope ladrès yo bezwen pou lavni.
Fason pou W Sekirize yon Plas
Peryòd Plas
Disponib nan Aplikasyon Magnèt la se yon lòt opòtinite pou fanmi yo eksplore
yon edikasyon Magnèt ki espesyalize. Nou ka sekirize plas nou lè n ranpli
Aplikasyon pou Plas Magnèt Disponib la sou entènèt. Paran yo ka konekte nan Pòtal
Paran an atravè www3.dadeschools.net/ParentPortal ansuit, yo ka
chwazi tit ‘Admissions Application’ pou yo ka kòmanse pwosesis
aplikasyon an.
Chak pwogram Magnèt melanje
divès
pwogram akademik rijid avèk aprantisaj pratik nan yon anviwònman ki gen
sekirite, ki sipèvize, e ki fèt pou prepare elèv yo pou kolèj, karyè, ak lavi.
Kèk
Enfòmasyon Rapid pou Fanmi:
·
Disponiblite: Plas
yo ap ranpli sou baz moun ki vini anvan ap jwenn sèvis anvan.
·
Pri: Tout pwogram Magnèt M-DCPS yo gratis.
·
Tem: Eksplore 11 diferan domèn etid, tankou STEM, Ar Rafine, Syans Sante, ak Komès & Endistri.
·
Fason pou W Aplike: Sèlman
sou entènèt atravè www3.dadeschools.net/ParentPortal
Avèk
yon istwa ekselans ki dokimante, chwa edikasyonèl san parèy, inovasyon ki
resevwa rekonesans nasyonal, ansanm ak yon angajman solid pou sekirite, Lekòl
Leta Miami-Dade County se pi bon chwa ou. Pou yon lis konplè pwogram ki
disponib yo e pou eksplore 11 tèm etid yo, paran yo ka vizite tou miamimagnèts.org.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/126/CHO/CM/RD