Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/17/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore Meyè Direktè, Asistan Direktè pou Ane a


Lamar Johnson, Meyè Direktè pou Ane 2026 la

Dtè. Andre Jackson, Meyè Asistan Direktè pou Ane 2026 la

 

Yo nonmen Lamar Johnson, Direktè Lekòl Elemantè Liberty City kòm Meyè Direktè "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Miami-Dade County) pou Ane 2026 la nan yon seremoni ki te fèt jedi swa nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center, "Dade Association of School Administrators (DASA)" (Asosyasyon Administratè Lekòl Dade) te patwone.

 

Johnson deklare, "Siksè Lekòl Elemantè Liberty City a bati sou pwofesè ki responsab, ki dirije avèk kouraj, ki kolabore avèk efikasite, e ki vin debouche sou rezilta sa yo. Lè nou kiltive yon kilti kote nou devlope, sipòte, epi fè edikatè yo konfyans kòm lidè, nou kreye yon lekòl kote elèv yo pwospere.”

 

Johnson, yon veteran ki gen 18 ane nan M-DCPS, te kòmanse karyè li kòm pwofesè nan Lekòl Elemantè Poinciana Park kòm yon antrenè enstriksyon matematik, epi li te travay kòm asistan direktè nan Lekòl Elemantè Jesse J. McCrary Jr. pandan sèt ane, kote li te ranpòte prim Meyè Asistan Direktè pou Ane 2020.

 

Depi yo te nonmen direktè Lekòl Elemantè Liberty City senk ane de sa, lekòl la te reyalize yon chanjman enpresyonan soti nan yon lekòl ki te fè nòt "C" pou rive nan yon lekòl ki fè nòt "A". Konpetans nan matematik te monte soti 28 pousan pou rive nan 72 pousan, ak Lekti Redaksyon te monte soti nan 32 pousan pou rive nan 48 pousan. Johnson di ranfòsman sik siveyans pwogrè yo ak apwofondi enstriksyon an ti gwoup kòm zouti enpòtan nan transfòmasyon sa a. Johnson te ogmante tou pwogram akademik yo, tankou ‘Head Start’, pwogram pou timoun ki gen don, echèk, ak Miami ‘SCORES’, ki konbine espò ak ladrès lekti redaksyon atravè pwezi.

 

Li te lanse Pwogram 'Lion Bucks', yon sistèm ankourajman nan tout lekòl la kote elèv yo resevwa 'Lion Bucks' pou pwogrè akademik, prezans regilye, ak bon konpòtman, e answit yo rekonpanse yo ak echanj liv, founiti, ti goute, ak privilèj. Olye pou l apiye sou yon apwòch pinitif, pwogram nan chanje konsantrasyon an pou selebre kwasans ak pran desizyon pozitif. Rezilta a te pwofon, avèk pousantaj reyisit la ki te ogmante e referans disiplinè yo te diminye, sa ki te debouche sou premye evalyasyon "A" lekòl la depi 2009.

 

Nan pwen esansyèl filozofi Johnson nan ak rezilta li yo, se yon kwayans kote yo pataje sans responsablite a, kwasans la kontinyèl, e chak pwofesè santi yo jwe yon wòl enpòtan nan siksè elèv yo. Men, alafen, li santi pi gwo reyalizasyon an li se chanjman li wè nan lekòl la ak enpak sa te genyen sou kominote a ki te santi yon sans fyète.

 

Doktè Andre Jackson nan Miami Jackson Senior High School te genyen pi gwo onè a, kòm Meyè Asistan Direktè pou Ane a. Jackson ki se yon edikatè pandan 12 ane, te kòmanse nan sistèm Lekòl Leta Chicago epi li te rantre nan M-DCPS kòm yon enstriktè lekti 10èm ane ak antrenè lekti redaksyon nan Miami Central Senior High School, kote li te vin asistan direktè sèlman sis ane apre.

 

Jackson di, “Mwen kwè toutbon vre pwofesè detèmine trajektwa lavi yon elèv. Pi gwo envestisman mwen se ranfòse kapasite pwofesè yo paske sa gen enpak sou kominote lekòl la an jeneral, ansanm ak elèv nou yo. Yon pwofesè kalifye egal ak yon pi bon sosyete, yon pi bon avni pou elèv nou yo.”

 

Depi li te kòmanse pozisyon Asistan Direktè a nan Miami Jackson, Jackson te fè yon enpak sou elèv li yo ak sou pwogrè akademik yo. Lè li te rive an 2022, Miami Jackson te yon lekòl ki te fè nòt "C" e kounye a li se yon lekòl ki fè nòt "B". Lè li te remake elèv yo te bloke nan klas rekiperasyon kredi yo, li te rankontre pèsonèlman ak elèv yo ak paran yo epi li te etabli yon sistèm pou kontwole pwogrè yo. Pandan tan li ap administre a, pousantaj gradyasyon an ogmante soti nan 80 pousan pou rive nan 96 pousan.

 

Lè direktè lekòl li a te mete l responsab inisyativ 'Attendance Wars' la, Jackson te pase ann aksyon. Chak jou, yo te selebre nivo klas ki te gen pi gwo pousantaj prezans lan avèk anons anime, sa ki te kreye yon konpetisyon amikal ak amizan. Elèv nevyèm ane yo te salye elèv yo ak tanbou ak aplodisman; elèv dizyèm ane yo te gen mayo klas la, elèv onzyèm ane yo te woule yon tapi wouj ak yon gwo banyè, epi elèv ki nan dènye ane yo te jwe mizik epi distribye ti goute lè elèv yo te rive nan maten. Te menm gen yon mizik rap 'Attendance Wars' yo te jwen nan sistèm ‘PA’ sonorizasyon an. Travay di Jackson nan te bay bon rezilta lè Lekòl Miami Jackson te ranpòte prim “Most Improved Attendance” (Prezans ki Pi Amelyore) pou peryòd evalyasyon sa a.

 

Jorge M. Bulnes ki soti nan Southwest Miami Senior High School te ranpòte dezyèm plas pou Meyè Direktè Ane a, e Karen Gonzalez Delgado ki soti nan Miami Norland Senior High School te ranpòte dezyèm plas pou Meyè Asistan Direktè Ane a.

 

Gayan prim meyè direktè pou ane a ap resevwa yon vwati lokasyon pou twazan nan men konpayi ‘Toyota of North Miami’, e gayan prim meyè asistan direktè pou ane a ap resevwa yon kwazyè senk jou nan men konpayi ‘Royal Caribbean’. Moun ki vini an dezyèm pozisyon yo ap resevwa yon prim lajan kach. Devouman direktè ak asistan direktè sa yo, angajman yo demontre pou elèv yo, ansanm ak akonplisman yo atravè ane lekòl la se yon lòt rezon ankò ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.

 

Evènman sa a posib gras a yon patenarya avèk ‘Headquarter Toyota’, ‘Equitable’, ‘EdFed’, ‘Royal Caribbean’, ‘South Florida Youth Foundation’, ‘Curriculum Associates’, ‘Horace Mann Educator’s Corporation’, ‘Overtown Youth Center’, ‘CDW Education’, ‘BENCOR’, ‘Hand2Mind’, ak ‘Corebridge Financial’.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/124/AZ/SD/RD

Follow us