Elèv Ponce de Leon Middle
School ki ap jwe yon jwèt sou planche entèraktif ki nan nouvo espas inovasyon lekòl
la.
“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) inogire yon
espas inovasyon reamenaje, ki rich an teknoloji nan Ponce de Leon Middle School.
Nouvo espas la gen ladan yon planche entèraktif ak nouvo mèb nan yon zòn ki ouvè
kote elèv kapab angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.
Angela C.
Gonzalez, Direktris Ponce de Leon Middle School di, “Ide inovasyon sa a baze
sou pwogrè, evolisyon, e li kreye yon espas kote timoun yo anvi vin aprann, fè
lekti, amize yo, e vrèman angaje yo nan aprantisaj, kourikoulòm, avèk pwofesè
yo.” Daprè Madam Gonzalez, nouvo espas la pwovoke kontantman lakay elèv yo konsènan
fè lekti liv, pa sèlman nan angaje yo nan teknoloji.
Anplis Direktris
Gonzalez, seremoni inogirasyon an te gen ladan Asistan Sipèentandan Depatman ‘School
Choice and Parental Options’ Daniel Mateo, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Mari
Tere Rojas, Direktè Egzekitif ‘College Football Playoff Foundation’ Britton
Banowsky, ak anplwaye lekòl la, pwofesè, ak elèv. Yo tout te patisipe nan
selebrasyon an.
Espas inovatif
la gen yon zòn ki ouvè pou ar ak atizaj, ak pou elèv yo fè teknoloji pratik,
jwèt sou tablo, ak yon planche entèraktif kote elèv yo ka eksplore epi amize yo
nan divès aktivite ak jwèt edikatif yo jwe ak pye yo.
Nouvo sant medya
reamenaje a gen ladan nouvo mèb modilè ki konfòtab pou elèv yo ka pase tan yo
epi yon espas ki ka sèvi pou plizyè itilizasyon, ansanm ak plizyè gwo tab wo
nan modèl tab achitèk ak chèz, kote elèv yo ka sèvi ak òdinatè pòtab yo pou
etidye, fè pwojè kreyatif nan klas, ak pou jwe jwèt.
Leylani
Berlanga, yon elèv klas uityèm ane deklare, “Elèv yo gen anpil opòtinite pou yo
aprann plis avèk anpil pratik dirèk…Se yon pi bon anviwònman pou aprann paske
li bèl epi li konfòtab. Mwen renmen koulè yo, kanape yo, jwèt yo, epi mwen
kontan anpil pou mwen la avèk zanmi m yo pou nou amize nou nan espas sa a.”
Sant reamenaje a
gen ladan nouvo etajè pou liv, ansanm ak tab pliyant ki kapab sèvi pou ansèyman
nan klas epi apre sa ki ka fèmen rapidman ak efikasman lè yo pap itilize, ki
ede kenbe yon espas ouvè pou lòt aktivite.
Sou bò gòch la, gen yon
ekspozisyon travay atistik elèv yo;
epi sou bò dwat la, yon
elèv ap sèvi ak youn nan pwototip wobotik yo.
Paran yo vrèman
enpresyone ak diferans ki genyen ant ansyen bibliyotèk la ak nouvo espas modèn
sa a, ki se yon melanj ant bibliyotèk ak espas jwèt teknoloji wo nivo.
Roxana Rassi,
Prezidan Asosyasyon Paran, Pwofesè ak Elèv yo, di “Li vrèman modèn, se yon
espas ki enteresan pou elèv yo vini ladan l, epi pou pwofesè yo òganize klas,
aktivite, ak gwoup etid.” Li te remake tou ansyen sant medya a te fèmen anvan,
ki fè elèv yo pa t gen kote pou yo reyini. Li di, “Klib tankou klib teyat ak
wobotik pral sèvi ak espas la tou.”
Inisyativ sa a, ki vize kreye 18 espas inovatif pou
elèv lekòl mwayen yo nan yon peryòd de (2) ane, ap benefisye de yon patenarya 2
milyon dola ant M-DCPS, ‘College Football Playoff Foundation’, Komite Akèy
Miami 2026 la, ak ‘Orange Bowl Committee’.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche
sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/131/AZ/CM/RD/SD