Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/29/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Ofri Resous pou Fanmi yo Eksplore Opòtinite pou Fè Tranzisyon avèk Jadendanfan pou Ane Lekòl 2026–2027 la

Kòmansman jadendanfan se yon etap enpòtan nan lavi yon timoun, e lè timoun fè koneksyon bonè avèk lekòl, sa ede ranfòse konfyans yo ak fanmi yo. Pou asire elèv yo santi yo alèz nan nouvo anviwònman lekòl yo depi premye jou a, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap envite fanmi elèv ki pral antre nan jadendanfan yo pou yo konekte ak nouvo lekòl yo epi patisipe nan aktivite “Transition to Kindergarten (TTK)” (Tranzisyon pou Antre nan Jadendanfan).

 

Inisyativ Tranzisyon pou Antre nan Jadendanfan an fèt pou sipòte yon kòmansman san pwoblèm epi pou fè siksè nan lekòl elemantè. Fanmi yo ka kontakte lekòl yo asiyen pitit yo nan katye lakay yo pou resevwa plis enfòmasyon konsènan pwochen opòtinite vizit kanpous lekòl yo, sesyon oryantasyon, ansanm ak enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an. Fanmi yo ka jwenn plis enfòmasyon sou inisyativ Tranzisyon pou Antre nan Jadendanfan an lè yo vizite sit entènèt Distri a nan: https://mdcpsearlychildhood.net/transition-to-kindergarten-2/

 

Atravè inisyativ ‘TTK’ a, fanmi yo ka atann pou yo resevwa:

  • Opòtinite pou vizite epi fè yon tou nan lekòl pitit yo enskri a
  • Enfòmasyon sou sa elèv yo atann pou aprann nan jadendanfan ak woutin yo chak jou
  • Resous pou sipòte aprantisaj lakay yo
  • Konsèy sou pwosesis enskripsyon ak anrejistreman an

 

M-DCPS pran angajman pou asire chak timoun ki antre nan jadendanfan pare pou aprann epi fè siksè. M-DCPS pa ka tann pou l resevwa nouvo elèv li yo pandan l ap travay an patenarya avèk fanmi yo pou reyisi kòmansman ane lekòl la.

 

Si w gen kesyon oswa pou w jwenn èd, tanpri kontakte Biwo Tranzisyon pou Antre nan Jadendanfan an nan 305-238-5194 nan ekstansyon 2281.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/130/AZ/RD/CM

Follow us