Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/30/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Distri Lekòl M-DCPS Komisyone Konpayi Konstriksyon ak Konpayi Achitekti pou Pwojè $85 Milyon nan Arthur & Polly Mays K-12 Conservatory of the Arts

Nan reyinyon regilye li te fè mèkredi dènye, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a te komisyone Konpayi Konstriksyon James B. Pirtle ak Konpayi Achitekti Silva Architects, LLC pou travay sou bidjè yon pwojè konstriksyon $85 milyon, ki konbine Arthur & Poll Mays 6-12 Conservatory of the Arts ak Pine Villa Elementary pou vin tounen yon (1) kanpous.

 

Pwojè a pral konbine toude kanpous yo pou pou fè yonsèl, Arthur & Polly Mays K-12 Conservatory of the Arts Academy, avèk “Lower Academy” (Akademi Elemantè) ak yon bilding “Upper Academy” (Akademi Siperyè). Yo pral demoli trèz bilding nan Arthur & Polly Mays 6-12 Conservatory, e 15 bilding nan Pine Villa Elementary pral reyamenaje pou kreye nouvo etablisman K-12 la, nou estime ki ka fin konstwi an jen 2029.

 

Akademi Elemantè (K-5) la pral gen ladan klas jadendanfan, klas lekòl mwayen, ak klas edikasyon bileng eksepsyonèl ansanm ak salklas pou ar ak laboratwa mizik. Akademi Siperyè (Klas 6-12) la pral gen ladan salklas pou Anglè, matematik, syans sosyal, ak etid jounalistik ansanm ak salklas pou demonstrasyon syantifik. Ap genyen tou devlopman ladrè, laboratwa enfòmatik, ak yon “Black Box Theatre” (Ti Espas Pèfòmans Atistik) nan klas Etid Lang Anglè a. Anplis, ap genyen salklas pou ar, mizik ak òkès, salklas pou egzèsis vokal, yon pyano, laboratwa pou pratike gita, ansanm ak yon nouvo sant medya ak yon laboratwa teledifizyon dènye kri (CCTV).

 

Etablisman an ap gen ladan kazye pou elèv, klas jimnastik, yon chanm pou dans, yon chanm aktivite atletik, ak yon espas jwèt ki kouvri.

 

Espas administrasyon yo ap genyen yon zòn pou ekspozisyon istorik, yon biwo pou patenarya kominotè, biwo administrasyon, sèvis elèv, ak yon chanm entegre pou ‘Children's Home Society’. Lekòl la gen yon patenarya ki ap kontinye avèk òganizasyon sa a pou ede elèv ki nan bezwen.

 

Lekòl pa ap gen yon kuizin konplè avèk espas anndan pou elèv K-5 manje ak espas anndan/deyò pou elèv 6-12 manje. Elèv K-12 yo ap genyen tou yon oditoryòm 700 plas avèk yon podyòm, avèk syèj pou mizisyen, yon depo, yon zòn ekipman pou teyat, chanm pou abiye, yon “Green Room” (Chanm pou Aktè/Komedyen Prepare yo), ak yon chanm kabin/pwojeksyon ki kontwole. Oditoryòm nan ap genyen tou yon sal datant, espas pou biznis, ak yon kabin pou tikè.

 

Pou sa ki konsène amelyorasyon espas la, ap genyen yon nouvo fasad pou bilding nan sou 216èm Ri a ak yon zòn antre k ap sevi kòm yon moniman pou katye a. Ap genyen tou yon nouvo zòn antre pou elèv K-5, ki ap sèvi kòm yon zòn rasanbleman sekirize pou elèv ak yon salklas enfòmèl sou deyò avèk chèz ki entegre ladan.

 

Ap gen de (2) zòn pou otobis depoze elèv ak yon (1) zòn pou paran depoze elèv ki ap fè pati enfrastrikti lekòl la.

 

Sou deyò lekòl la, ap genyen teren tenis, ekipman pou teren jwèt, ak yon zòn ki kouvri pou elèv jwe.

 

Anplis, Depatman Jesyon Apwovizyònman M-DCPS nan pwosesis pou lwe pòsyon tè ki toupre lekòl la ak yon devlopè prive atravè yon patenarya piblik-prive. Inisyativ sa a ap ofri lojman pou anplwaye tankou pwofesè, anplwaye sipò, ak kominote ki nan vwazinaj lekòl la (sa pa fè pati akò pou pwojè sa a).

 

Lekòl la ap priyorize tou estanda endistri anviwònmantal yo. Bilding nan ap genyen yon nimewo “Energy Use Intensity (EUI)” (Itilizasyon Entansite Enèjetik) ki se 25 oubyen mwens. EUI yon bilding reflete kantite enèji yon bilding itilize pa pye kare. Majorite bilding itilize an mwayèn 56. E pwojè a dwe respekte youn nan sistèm klasman pou bilding ekolojik ki apwouve e yo rekonèt nasyonalman.

 

Pwojè a ap gen ladan tou kreyasyon yon modèl enèji ak yon “Life Cycle Cost Analysis” (Sistèm Analiz Sekans Lavi). Se yon estrateji konsepsyon ki mande itilizasyon yon modèl òdinatè ki baze sou zouti ak materyèl pou detèmine ki kantite enèji yon bilding pral itilize.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/128/AZ/CM/RD

Follow us