Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/2/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Resevwa Rekonesans Dèske li Reyalize Meyè To Akonplisman pou Aplikasyon ‘FAFSA’ nan Eta Florid pou Ane 2025-2026 la

Pandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap selebre seremoni gradyasyon lekòl segondè yo semèn sa a, distri a reyalize yon gwo viktwa: M-DCPS kounye a genyen meyè to akonplisman pou aplikasyon ‘FAFSA’ nan tout eta a avèk yon to 59.8 pousan, dapre rezilta ‘Florida College Access Network (FCAN)’ fèk pibliye osijè ‘Florida FAFSA Challenge’ 2025-2026 yo. Nivo to sa a siyifikativman pi wo pase mwayèn eta a ki se 50.9 pousan epi li depase lòt gwo distri lekòl yo.

 

Rekonesans sa a ki soti nan men òganizasyon 'FCAN', ki se otorite prensipal eta a sou aksè nan edikasyon siperyè, se yon temwayaj sou angajman M-DCPS pran pou sipòte plan edikasyon tout elèv yo pou apre lekòl segondè, epi li mete aksan sou devouman Konseye ‘CAP’ yo ansanm ak ekip sèvis elèv lekòl segondè yo. Efò sa yo asire chak diplome, kèlkeswa kondisyon ekonomik oswa kondisyon sosyal li, genyen yon chemen reyèl pou kontinye etid li nan edikasyon siperyè e fè siksè nan karyè li.

 

Inisyativ anyèl sa a ankouraje lekòl ak distri atravè eta Florid pou ogmante pousantaj akonplisman aplikasyon "Free Application for Federal Student Aid (FAFSA)" (Aplikasyon Gratis pou Èd Finansye Federal) yo pou pi byen sipòte siksè elèv yo. Aplikasyon 'FAFSA' a se platfòm prensipal ki pèmèt elèv yo jwenn sibvansyon federal, travay a tan pasyèl pandan yo ap etidye, ak prè pou etidyan, ki se yon endikatè enpòtan pou mezire aksè ak kapasite pou elèv yo peye pou edikasyon siperyè.

 

Pandan nivo siksè sa a se yon sous fyète pou kominote lokal la, li etabli M-DCPS tou kòm yon lidè nan nivo eta a. Yo te souliye efò sa yo nan kòmansman mwa me pandan 'Talent Strong Florida 2026 Summit' FCAN te òganize nan Tampa, kote lekòl nou yo ak lidèchip distri a te resevwa yon rekonesans san parèy avèk sèt twofe:

 

Prim

Enstitisyon ki Resevwa Prim nan

Meyè Distri pou 'Defi Aplikasyon FAFSA'

"Miami-Dade County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County)

Ganyan - Pi Gwo Lekòl

Hialeah Gardens Senior High School

Ganyan - Gwo Lekòl

Coral Reef Senior High School

Ganyan - Lekòl Mwayen

TERRA Environmental Research Institute

Ganyan - Lekòl Regilye

School for Advanced Studies Homestead

Pi Gwo Amelyorasyon - Lekòl Mwayen

Maritime and Science Technology Academy

Pi Gwo Amelyorasyon - Lekòl Regilye

Law Enforcement Officers Memorial High School

 

Lè M-DCPS ouvri pòt pou bay plis aksè nan edikasyon siperyè epi ogmante opòtinite pou chak elèv, Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye kanpe avèk fyète kòm Pi Bon Chwa Ou pou konstwi yon avni ki pi briyan.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools. 


# # #

26-JCD/140/AZ/RD/CM

Follow us