Elèv
Everglades K-8 Center ki ap jwe yon jwèt sou Planche Entèraktif ki nan nouvo
espas inovasyon lekòl la.
“Miami-Dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) inogire yon Espas Inovasyon
reamenaje, ki rich ak teknoloji nan Everglades K-8 Center. Nouvo espas la gen
ladan yon planche entèraktif ak nouvo mèb nan yon zòn ki ouvè kote elèv kapab
angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.
Sipèentandan Lekòl yo, Dtè.
Jose L. Dotres di, “Avèk espas inovasyon sa a, ou ka devlope kè kontan grasa
patisipasyon ou ak tout teknoloji yo… Ou ka bati yon kominote isit la paske sa
se yon espas ouvè pou kolaborasyon. Devlope pasyon ou, paske se egzakteman sa
inovasyon dwe fè.”
Anplis Dtè. Dotres, seremoni
koupe riban an te gen ladan Direktè Lekòl Everglades K-8 Center a, Mesye Daniel
Diaz, Direktris Anchèf Depatman Akademik la, Madan Lourdes Diaz, Direktè Resous
Imèn, Dtè. Dawn Baglos, Vis-Chèman Komisyon Konsèy Lekòl la, Madan Monica M.
Colucci, Direktè Egzekitif Fondasyon 'College Football Playoff' la, Mesye
Britton Banowsky, ekip 'K-9' Sosyo-Emosyonnèl Polis Lekòl Miami-Dade la, ansanm
ak anplwaye lekòl la, pwofesè ak elèv ki te patisipe nan selebrasyon an.
Espas inovatif la gen yon zòn
ki ouvè pou ar ak atizaj, ak pou elèv yo fè aktivite teknoloji pratik, jwèt sou
tablo, ak yon planche entèraktif kote elèv yo ka eksplore epi amize yo nan
divès aktivite ak jwèt edikatif yo jwe ak pye yo. 'The Education Fund Ocean
Bank' Sant pou Materyèl Edikatif te fè donasyon plizyè seri Lego tou, materyèl
pou ar ak atizay, jwèt dam ak echèk, ansanm ak lòt aktivite amizan pou elèv yo
chwazi.
Genyen tou yon estidyo pou
difizyon ak kamera ak ekipman pou 'podcast', ansanm ak nouvo tab ak chèz
òdinatè. Yo te fè sa a yon fason pou sipòte yon nouvo kou sou pwodiksyon
televizyon yo ofri kounye a kòm yon opsyon nan lekòl mwayen an.
Daniel Diaz, Direktè lekòl la
di, “Espas inovasyon sa a reprezante plis pase yon transfòmasyon fizik. Li
reflete yon mantalite, yon konviksyon pou kreye yon anviwònman kote elèv yo ka
kolabore, panse klèman, eksplore avèk kouraj, epi fè imajinasyon yo vin tounen
reyalite.”
Nouvo sant medya reamenaje a
gen ladan nouvo mèb modilè ki konfòtab pou elèv yo ka pase tan yo epi yon espas
ki ka sèvi pou plizyè itilizasyon, ansanm ak plizyè gwo tab wo nan modèl tab
achitèk ak chèz, kote elèv yo ka sèvi ak òdinatè pòtab yo pou etidye, fè pwojè
kreyatif nan klas, ak pou jwe jwèt.
Zòn nan ekipe tou ak tab
pliyant yo ka mete youn sou lòt, e ki ka itilize pou ansèyman nan salklas e
ansuit estoke rapidman e efikasman lè yo pap itilize yo, ki ogmante itilizasyon
espas la epi kenbe li disponib pou lòt aktivite.
Elèv
yo nan zòn lekti espas inovasyon an ansanm ak Direktè Daniel Diaz, Ofisye
Richard Praschnik, ak 'K-9' Mayo.
Rey Garcia, yon elèv uityèm
ane nan lekòl la, di, “Mwen pa santi tankou se yon bibliyotèk ankò sèlman, se
yon espas kote elèv yo ka pran plezi epi pran yon repo nan tout aktivite estrès
lekòl la, e mwen panse sa se vrèman yon bon bagay. Lè nou ap jere plizyè klas
ak devwa, yon espas konsa enpòtan anpil pou nou pa twòp bouskile.”
Inisyativ sa a, ki ap kreye
18 espas inovasyon pou lekòl mwayen nan twazan, te resevwa yon finansman $2
milyon gras ak yon patenarya ant M-DCPS, ‘College Football Playoff Foundation’
ak Komite Planifikasyon Chanpyona Nasyonal ‘College Football Playoff’, ak
Komite 'Orange Bowl' la. Rive nan sezon otòn nan, pral gen 38 espas inovasyon
ki ap fonksyone nan kanpous lekòl M-DCPS yo.
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/141/AZ/RD/CM