“Miami-Dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa yon don $70,000 dola
pou amelyore kalite lè elèv yo ap respire andedan salklas yo epi ranfòse efò
resiklaj nan lekòl yo.
Direktè Fonksyònman Lekòl
Luis Diaz di, "Sibvansyon sa yo reflete angajman nou pou kreye meyè anviwònman
aprantisaj ak bonjan efikasite nan tout lekòl nou yo. Lè nou amelyore kalite lè
andedan bilding yo epi agrandi enfrastrikti resiklaj la, nou ap fè envestisman
estratejik ki sipòte dirèkteman byennèt ak siksè akademik elèv yo. Nou
rekonesan anvè patnè nou yo dèske yo rekonèt nou kòm lidè epi dèske yo ede nou
retire baryè ki anpeche chak lekòl fonksyone yon fason ki pi dirab ak
responsab."
Yo te chwazi M-DCPS pou
patisipe nan “Go Green Initiative’s Clean Indoor Air Initiative” (Inisyativ 'Go
Green’ pou Respire Lè Pwòp Andedan Bilding yo), yon pwogram plizyè ane ki ofri
apeprè $45,000 dola finansman ki baze sou yon sistèm rekonpans. Sibvansyon an
fèt pou ede distri lekòl yo amelyore kalite lè andedan bilding yo ansanm ak
efikasite bilding yo. Pwogram nan resevwa sipò Inisyativ 'Go Green' nan e “U.S.
Environmental Protection Agency “ (Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini) finanse
li antyèman oswa an pati.
Anplis, M-DCPS te resevwa
"2026 Florida Beverage Association Community Grant" (Sibvansyon
Kominotè Asosyasyon Konsomatè Bwason nan Florid) 2026 la pou $25,000 dola, yo
pral itilize pou agrandi enfrastrikti resiklaj nan tout lekòl ki patisipe nan
"Green Schools Recognition Program" (Pwogram Rekonesans Lekòl
Ekolojik) yo pandan ane lekòl 2026-2027 la.
Yo te chwazi M-DCPS pami plis
pase 140 aplikan, e prim lan posib gras a yon patenarya ant Asosyasyon
Konsomatè Bwason nan Florid ak Fondasyon Konsomasyon Bwason Ozetazini, pou yon
Amerik ki An Sante, kote chak òganizasyon kontribye $12,500 dola.
Ansanm, prim sa yo reflete fason
M-DCPS ap itilize patenarya pou sipòte amelyorasyon pratik nan tout aspè fonksyònman
lekòl yo, tankou anviwònman andedan ki pi pwòp, sistèm resiklaj ki pi solid, ak
itilizasyon resous piblik yo ak plis efikasite.
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/135/AZ/SD/RD/CM