Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/20/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Distri Lekòl M-DCPS Komisyone yon Achitek pou Konstriksyon yon Nouvo Bilding pou Salklas $15.2 Milyon nan Coconut Grove Elementary School

Nan reyinyon regilye li te fè mèkredi 13 me ki sot pase a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la te komisyone konpayi achitekti Gurri Matute, P.A., pou travay sou yon pwojè $15.2 milyon pou bati yon nouvo bilding lekòl twa etaj pou salklas nan Coconut Grove Elementary School.

 

Pwojè a gen ladan demolisyon yon bilding ki egziste kounye ak konstriksyon yon nouvo bilding, twa etaj, 23,287 pye kare avèk uit salklas ak yon (1) laboratwa pou devlopman ladrès. Premye etaj la ap gen ladan biwo planifikasyon pou pwofesè ansanm ak yon zòn entegre ki gen yon teren ki ap sèvi pou abri/basketbòl e ki ap genyen tou graden ak yon tablo afichaj.

 

Premye etaj la ap gen salklas, e dezyèm etaj la ap yon espas vid ki modifye, san mi, nou ap itilize kòm espas pou devlopman nan lavni. Pwojè a ap gen ladan konstriksyon yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri e ki konekte nouvo bilding nan avèk sa ki la kounye a, amelyorasyon nan pasaj pou pyeton yo, modifikasyon wout pou machin sikile, ansanm ak plis espas pou pakin.

 

Nou pral renove yon lòt bilding, ki gen kafeterya a, e n ap deplase salklas ansèyman Franse a pou nou mete l nan nouvo bilding nan. Nou pral ranplase paviyon dijital ki anfas lekòl la avèk yon nouvo, e n ap renove espas jaden ki nan antre lekòl la.

 

Nou estime pwojè a ap fini ann out 2028. Lè li priyorize inovasyon nan espas aprantisaj yo ak plan ki montre vizyon, Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye demontre poukisa li se pi bon chwa pou elèv ak fanmi.

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/137/AZ/CM/RD

Follow us