Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/2/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Kontinye Tradisyon Ekselans avèk Setyèm Klasman Li Kòm yon Distri Ki Fè Nòt "A"

"The Florida Department of Education" (Depatman Edikasyon Florid) pibliye nòt lekòl yo pou ane lekòl 2025-2026 la, epi "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami Dade County) yon fwa ankò klase kòm yon distri lekòl ki fè nòt "A".

 

Men kèk pwen enpòtan sou Nòt Pèfòmans Lekòl yo pou Lekòl Leta Miami-Dade County pou ane 2025-2026 la:

 

·         An jeneral, 99 pousan lekòl M-DCPS yo resevwa nòt A, B oswa C

·         63 pousan resevwa nòt A 

·         24 pousan resevwa nòt B 

·         12 pousan resevwa nòt C 

·         Pa gen okenn lekòl M-DCPS ki resevwa nòt D oswa F pou ane 2026 la 

 

"Istwa nou an se yon istwa siksè ki kontinye ap grandi. Pandan kat ane youn apre lòt, "Miami-Dade County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County) amelyore rezilta akademik elèv yo, epi jodi a, pou yon setyèm fwa, nou fyè dèske distri lekòl nou an resevwa nòt 'A'. Siksè sa a se rezilta travay ekstrawòdinè direktè lekòl nou yo, devouman pwofesè nou yo, ansanm ak kolaborasyon tout kominote a ki ap travay ansanm pou sipòte siksè elèv yo."

 

Rezilta yo pibliye jodi a baze sou nouvo echèl klasifikasyon nòt lekòl yo, "State Board of Education" (Konsèy Edikasyon Eta Florid) la te adopte nan dat 24 jiyè 2024. Kòmanse depi ane lekòl 2023-2024 la, lekòl ki gen elèv nan 3èm ane yo ajoute yon nouvo eleman nan evalyasyon an ki baze sou pousantaj elèv ki kalifye yo ki jwenn yon nivo pèfòmans 3 oswa plis nan "Florida Assessment of Student Thinking (FAST)" (Evalyasyon Eta Florid sou Fason Elèv yo Reflechi) pou "English Language Arts (ELA)" (Lekti ak Redaksyon Lang Anglè) pandan "Progress Monitoring (PM) 3" (Twazyèm Peryòd Siveyans Pwogrè) elèv yo. Yo detèmine nòt lekòl ak nòt distri yo dapre pousantaj pwen yo reyalize, selon echèl evalyasyon pèfòmans ki koresponn ak kalite lekòl la.

 

Ou ka jwenn Nòt Pèfòmans Lekòl pou ane 2025-2026 la sou sit entènèt sa

a: https://arda.dadeschools.net/#!/rightColumn/2668.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.?

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools. 


# # #

26-JCD/150/CG/RD/CM

Follow us