Daprè nouvo
gid sou pri manje pou Pwogram Nasyonal Manje Midi nan Lekòl ak Pwogram Manje
Maten nan Lekòl pou pwochen ane lekòl la nan “Miami-Dade County Public Schools
(M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), apeprè 121 lekòl ap kontinye ofri
manje maten ak manje midi gratis. Elèv ki nan tout lòt lekòl yo ap bezwen
ranpli yon aplikasyon pou kalifye pou resevwa manje gratis oswa nan pri redui.
Apre fen
patisipasyon Distri a pandan kat (4) dènye ane pase yo nan pwogram federal
"Community Eligibility Provision (CEP)" (Pwovizyon sou Kalifikasyon
Kominotè), nouvo done federal sou kalifikasyon yo montre M-DCPS pa kalifye ankò
pou ofri manje maten ak manje midi gratis pou tout elèv nan tout distri a.
Mesye Luis
E. Diaz, Ofisye Anchèf Operasyon nan Lekòl Leta Miami-Dade County di,
"Objektif nou se pwoteje fanmi yo kont nenpòt difikilte pandan n ap kenbe
disponib pwogram manje maten ak manje midi a gratis pou majorite elèv jan sa
posib. Nou ap lanse yon kanpay sansibilizasyon pou asire fanmi yo resevwa
enfòmasyon ki klè e konplè, etap pa etap."
Lekòl ki satisfè
kondisyon 'CEP' yo ap resevwa toude manje maten and manje midi gratis pou tout
elèv nan 121 lekòl yo.
Men pri pou Lekòl ki pa
Kalifye pou pwogram manje gratis la (Lekòl ki pa fè pati pwogram CEP a)
Lekòl Elemantè ak Sant K-8 yo
·
Dejene Gratis
·
Pri nòmal pou manje midi se $4.20, pri redui a
se $0.40 santim
Lekòl Mwayen ak Lekòl Segondè
·
Pri nòmal pou manje maten se $2.50, pri redui a
se $0.30 santim
·
Pri nòmal pou manje midi se $4.20, pri redui a
se $0.40 santim
Elèv ki
prale nan lekòl ki pa kalifye pou benefis pwogram manje gratis (lekòl ki pa fè
pati pwogram CEP a) ap bezwen kalifye atravè pwosesis aplikasyon federal la. Yo
ka kòmanse pwosesis aplikasyon an nan dat 10 out atravè lyen sa a:
mdcpsnutrition.net Elèv ki deja sètifye dirèkteman atravè pwogram tankou
'SNAP', 'TANF', 'Medicaid', 'foster care' (sèvis pou timoun k ap viv avèk yon
fanmi dakèy), 'Head Start', sèvis pou migran, oswa èd pou moun ki sanzabri, ap
kontinye resevwa manje gratis otomatikman. Tout elèv yo ap resevwa manje gratis
pandan 30 premye jou ane lekòl la oswa jiskaske yo detèmine kondisyon
kalifikasyon yo.
Chak repa
Depatman Manje ak Nitrisyon sèvi kreye pou sipòte sante, byennèt, ak siksè
akademik elèv yo. Lekòl yo ap travay dirèkteman avèk fanmi yo pou ede yo
konprann kondisyon kalifikasyon yo, pou ede yo navige pwosesis aplikasyon an,
epi jwenn benefis ki disponib. Nou ankouraje fanmi yo pou soumèt aplikasyon yo
pi bonè posib pou evite entèripsyon nan benefis yo.
Lekòl Leta
Miami-Dade County rete angaje nan misyon li pou sipòte chak elèv ak chak fanmi.
Malgre kondisyon pwogram federal yo chanje, angajman Distri a pou ekselans,
chwa, inovasyon, sekirite, ak byennèt elèv yo pa chanje.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/05/AZ/RD/SD