Elèv nan Lekòl Segondè South Miami ki enskri
nan Pwogram Anwolman Doub Asistan Medikal la ap teste aparèy nan nouvo laboratwa yo a
Lendi a, "Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize
yon seremoni koupe riban pou selebre lansman Laboratwa Pwogram Anwolman Doub
Karyè Asistan Medikal nan Lekòl Segondè South Miami, an patenarya avèk Kolèj
Teknik South Dade la.
Pwogram sa a pèmèt elèv yo
jwenn sètifikasyon endistriyèl epi devlope eksperyans pratik nan domèn asistans
medikal pandan yo toujou nan lekòl segondè.
René Mantilla, Asistan
Sipèentandan pou Biwo Edikasyon Aprè Lekòl Segondè, Karyè ak Edikasyon Teknik
di, "Nou fyè anpil dèske nou te kapab pote konesans ak ekspètiz endistri
Kolèj Teknik South Dade la bay elèv Pwogram Asistan Medikal nan Pwogram
Anwolman Doub Karyè nan Lekòl Segondè South Miami an. Patenarya sa a pral bay
elèv sa yo konpetans ak opòtinite pou yo sètifye epi travay nan domèn swen
sante, yon sektè ki pa sèlman gen gwo demann, men ki esansyèl tou pou kominote
nou an."
Anplis Mesye Mantilla, Chèman
Komisyon Konsèy Lekòl la Madan Mari Tere Rojas, Sipèentandan Rejyon Sant la
Madan Brenda Swain, reprezantan ki soti nan Distri M-DCPS yo, Direktè Kolèj
Teknik South Dade la Madan Llennery Pena, Direktè Lekòl Segondè South Miami a,
Mesye Herbert Penton, anplwaye lekòl la ak elèv yo te patisipe nan evènman an.
Kourikoulòm Pwogram Anwolman
Doub Karyè Asistan Medikal la ofri fòmasyon nan pwosedi klinik, fonksyon
administratif nan swen sante, pratik asistan medikal, ansanm ak fòmasyon sou
ekipman medikal modèn.
Direktè Penton di,
"Atravè patenarya sa a avèk Kolèj Teknik South Dade la, nou fyè pou nou
ouvri nouvo chemen karyè nan domèn swen sante pou elèv nou yo. Pwogram sa a
pral ba yo eksperyans reyèl nan mond travay la, aksè a yon endistri ki gen
anpil demann, ak sètifikasyon pwofesyonèl ki prepare elèv yo pou antre nan
mache travay la pandan yo toujou nan lekòl segondè."
Lè ane lekòl la kòmanse,
anviwon 80 elèv pral enskri nan Pwogram Asistan Medikal la. Soti premye ane
jiska dènye ane lekòl segondè, elèv yo ap pran kou espesyalize chak trimès ki
konsantre sou asistans medikal. Elèv yo pral fè eksperyans aprantisaj pratik
sou konpetans reyèl tankou pran siy vital pasyan, pran san, fè
"electrocardiograms (EKGs)" (elektwokadyogram), bay piki ak
medikaman, epi ede doktè lè yo gen pwosedi medikal avanse.
Madan Griselle Torres,
pwofesè anseyan pwogram asistans medikal nan Kolèj Teknik South Dade la, ki gen
plis pase trant (30) ane eksperyans nan domèn nan di, "Ane pase nou pa t
gen bèl laboratwa sa a. Kounye a elèv yo kapab fè pwosedi pratik nan domèn asistans
medikal tankou retire pansman, pran swen yon moun ki boule ak blese, epi mezire
siy vital yo. Yo kapab mete an pratik sa yo ap etidye ak aprann yo."
Rive nan fen ane
lekòl la, elèv yo pral pran egzamen eta a pou yo jwenn sètifikasyon yo kòm
asistan medikal. Apre sa, y ap pare pou yo travay kòm asistan medikal.
Enzo
Ramirez, yon elèv ki pral rantre nan dezyèm ane lekòl segondè e ki ap patisipe
nan pwogram nan di, "Anvan sa, nou te fè plis teyori. Men kounye a nou
pral aprann pou nou pran san, sèvi ak yon estetoskòp, epi mezire tansyon. Sa vle di aprann pandan w ap
fè travay la olye de aprann teyori sèlman.”
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/02/AZ/RD/CM