Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/27/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Edikasyon Florid Deziyen Akademi M-DCPS Venetian Parc kòm yon Lekòl Inovasyon Teknolojik, Premye Lekòl Konsa nan Florid

Akademi Venetian Parc, premye Lekòl Inovasyon Teknolojik nan eta Florid  

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontan anpil pou l anonse Komisyon Edikasyon Florid apwouve pwopozisyon Distri a pou li opere Akademi Venetian Parc kòm yon nouvo Lekòl Inovasyon Teknolojik nan Distri a. Kòm premye lekòl inovasyon nan eta a ki anba jesyon yon distri lekòl, Akademi Venetian Parc pral sèi kòm yon piyonye atravè tout eta a, ki pral konekte teknoloji ki plis itilize nan endistri yo avèk modèl pedagojik ki baze sou rechèch.

Misyon Akademi Venetian Parc se ofri yon anviwònman aprantisaj ki fleksib, pèsonalize, e ki baze sou yon konpreyansyon total. Lè li konbine abilite pou elèv travay selon pwòp vitès pa yo, aplikasyon pratik, ak aprantisaj melanje e ki fèt avèk wotasyon, ak Aprantisaj ki Baze sou Pwojè, elèv yo pwogrese atravè entèvansyon ak anrichisman ki baze sou objektif a pwòp vitès pa yo.

Lè li sekirize egzanpsyon ki soti nan orè lekòl tradisyonèl yo, konsantrasyon an chanje  soti nan kantite tan elèv la fè nan salklas pou priyorize kantite tan li fè ap aprann. Fleksibilite sa a pèmèt elèv la avanse sou baz konpetans li demontre olye li mete anfaz sou yon kalandriye ki rijid. Kad metriz sa a asire elèv yo vrèman entènalize estanda B.E.S.T. Florid yo, li anpeche gen eka ki fòme, e li asire yon fondasyon solid depi elèv la fèk kòmanse nan pwogram nan.Akademi Venetian Parc ki gen fondasyon li nan Estanda B.E.S.T. Florid yo, ofri enstriksyon nan lekti ki baze sou evidans nan fondasyon esansyèl pwogram lekti/ekriti ak pwogram syans ansanm ak yon fondasyon solid nan metriz pwosedi matematik, espesyalman nan premye ane yo. Syans, etid sosyal, ar kreyatif, edikasyon fizik, edikasyon sou karaktè, ak sitwayènte dijital, yo tout melanje ansanm kòm yon edikasyon ki fèt avèk fasilite.

Anplis, y ap kontinye suiv pwogrè elèv yo atravè sistèm metriz dijital avèk tablo ki gen dosye travay elèv yo, ki bay paran yon ide nan tan reyèl, transparan sou devlopman akademik pitit yo. Rezilta total elèv yo fè nan evalyasyon sou estanda yo ansanm ak sistèm kontwòl obligatwa eta a sou pwogrè elèv la ap asire meyè estanda akademik yo plis toujou.

Kòm yon pwogram magnet atravè distri a, Akademi Venetian Parc ap prepare elèv pou ekselans akademik atravè enstriksyon ki fèt selon orè elèv yo chwazi, teknoloji endistri yo plis itilize, ansanm ak aplikasyon pratik. Modèl sa a reprezante yon chanjman fondamantal pou antre nan yon edikasyon ki vrèman santre sou elèv la, ki pèmèt  pwofesè yo sèvi kòm gid ak antrenè ki ap eksplwate teknoloji dènye kri yo pou pèsonalize chemen aprantisaj pou chak elèv. Avèk fleksibilite yo resevwa nan men Komisyon Edikasyon Florid, elèv yo ka pwogrese sou baz metriz yo demontre pandan y ap benefisye de opòtinite inovatif pou fè M-DCPS vin pi bon chwa ou.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools. 


# # #

26-JCD/07/AOT/CM

Follow us