Nan reyinyon
espesyal li te fè mèkredi a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te chwazi Rafael
A. Villalobos kòm pwochen Sipèentandan pou dirije “Miami-Dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Mesye Villalobos te kòmanse karyè
li kòm yon pwofesè lekòl segondè nan M-DCPS, sa gen 32 ane, e li te demontre yon
kapasite pou dirije ki remakab nan kat lekòl segondè e nan divès pozisyon
administratif. Kòm Sipèentandan Rejyon Sid pandan kat dènye ane yo, li te resevwa
respè ak admirasyon li te merite nan men anpil moun ki te wè pèsonèlman egzanp angajman
ak pasyon li te demontre lè li te nan pozisyon sa a.
Mesye Villalobos
deklare, “Mwen pa rive kwè mwen nan pozisyon sa a jodi a kòm yon ansyen elèv
Lekòl Leta Miami-Dade County. Chemen mwen nan edikasyon te pran yon direksyon
ki vrèman dwòl paske, okòmansman, mwen pa t wè tèt mwen kòm yon anseyan… Men lè
mwen wè kalite swen ak konpasyon frè m nan, ki avèg e ki gen maladi otis, te
resevwa nan men pwofesè l yo, mwen reyalize mwen te fèt pou m vin yon edikatè e
mwen santi m onore dèske yo chwazi mwen pou m sèvi kòm pwochen sipèentandan
an.”
Mesye Villalobos
te kòmanse karyè li nan edikasyon adilt kòm yon pwofesè nan South Dade Senior
High School. Li te sèvi kòm pwofesè anchèf nan Felix Varela Senior High School,
e li te vin Asistan Direktè nan South Dade Adult Center (ki rele kounye a South
Dade Technical College), kote li t ap jere pwogram adilt pou klas ESOL, sitwayènte,
GED, ak pwogram vokasyonèl. Li te sèvi kòm Asistan Direktè nan Felix Varela
Senior High School, Direktè Booker T. Washington Senior High School, John A.
Ferguson Senior High School, Law Enforcement Officers’ Memorial High School,
Hammocks Middle School, ak Miami Springs Senior High School.
Kòm direktè ki
te fonde Law Enforcement Officers’ Memorial High School an 2008, li te pwovoke
lansman premye lekòl segondè Distri a te janm genyen nan domèn sekirite piblik
ak etid legal. Yo te nome li Meyè Direktè Lekòl pou ane 2020 an pou lidèchip li
nan John A. Ferguson Senior High School kote elèv yo, nan ane sa a, te akonpli to
gradyasyon ki pi wo nan istwa lekòl la, ki te rive 99 pousan pandan li te direktè.
Mesye Villalobos
te vin Sipèentandan Rejyon an 2022, kote li t ap ofri direksyon egzekitif pou
plis pase 100 lekòl ak 80,000 elèv nan youn nan rejyon ki ap bay pi gwo pèfòmans
nan Distri a avèk yon to gradyasyon 98 pousan. Li te etabli premye fowòm lidèchip
PTA/PTSA/PTO nan rejyon an, pou ini paran ki ap sèvi kòm lidè ak moun ki gen enterè
nan kominote a atravè tout lekòl elemantè, mwayen ak segondè nan rejyon an, twa
fwa pa ane, pou sipòte angajman ak kolaborasyon. Li te enplemante tou yon rezo lidèchip
pou direktè lekòl ak asistan direktè yo pou ranfòse lidèchip ak kominikasyon.
Chèmann Komisyon
Konsèy la Mari Tere Rojas pral negosye e egzekite kounye a yon kontre avèk
Mesye Villalobos. Sipèentandan aktyèl la, Dtè. Jose L. Dotres, ki te dirije
M-DCPS pandan kat dènye ane yo, ap kontinye sèvi kòm Sipèentandan M-DCPS jiska
14 fevriye 2027.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl,
silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM,
ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/08/AZ/CM